kalimah.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

zouschi – sa k fè n vrè كلمات اغاني

Loading...

zouschi
7 lèt pou 7 kontinan
ou renmen m

ou rayi m
ou rayi m
sa m ba w regle
ou renmen m
ou rayi m
ou rayi m
sa m ba w regle
plah
m parèt s on beat m monte tou danble
flow m yo pike piti vin tande
m tande w renmen m w ap ban m kou trèt
ki mòd lanmou sa dwe ye
fake
lè m m gen lajan ou avè m hmm
kou m pa genyen l m pa wè w
trèt
ou di w renmen m w ap la avè m
depi m malad m pa wè w
fake
love nou kole tankou silikonn
depi m avè mwen avè w
nèt
m pa nan fake love pou m ap ba w bèl dan
epi nan do w m pa patnè w
yohw
love sa p ap fèt si se pou nou
si w panse pozitif rive sou nou
no pwokrastinasyon sa pa vle di ke nou prese poutan
n ap travay di pou n fè siksè jis pou nou ka jere le temps
yohw
nou pote frechè tankou vantsilatè
nou sakle jaden tankou kiltivatè
flow n yo tranble tankou se bouldozè
manman m ap kale m si m rantre lannwit
tanpri fè m konnen
yohw
tanpri fè m konnen
avan li 2 è
ou renmen m
ou rayi m
ou rayi m
sa m ba w regle
ou renmen m
ou rayi m
ou rayi m
sa m ba w regle
ou di w patnè m poutan se manti
ou aji avè m tankou s on bandi
w ap tann malè m tankou s on enmi
ou pa vle wè pwogrè m w ap fè jalouzi
ehhy
n ap idantifye w tankou jewonfa
mete w sou kote epi ba w de pa
nan ipokrizi sèlman ou se wa
m pa t panse sa pou ou monchè ou nan ka eh
nou pa vire avèk fake
nan bando n pa sere lonbrit
n ap toujou avè w menm lè w sick
w ap jwenn lanmou n pa bokit
dife lanmou n ki jayi no need ponpye
an n fè sa n gen pou n fè paske tan pre
nou bite, nou tonbe, men n ap leve
solèy la briye pou nou tout nou p ap kanpe
sa k rete a pase l pase l nèt
demen nwa, kè nou k sou biskèt
kounya menm se li k dwe nan tèt
n p ap soufri tout tan an, yon jou kanmenm ap gen fèt
zantray pou la lavi nou k fòs la
ttf tout tan n se vrè a
tout ignacien n yo, fanmi kaza
pou nou tout nèt menm love la
flamarad pi wo
ak tout sipòte n yo
mèsi paske n kwè nan pwojè a
full love
mèsi
zouschi
ou renmen m
ou rayi m
ou rayi m
sa m ba w regle
ou renmen m
ou rayi m
ou rayi m
sa m ba w regle

كلمات أغنية عشوائية

اهم الاغاني لهذا الاسبوع

Loading...