kalimah.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

zo polo – rap-l كلمات اغاني

Loading...

[intro]
rapport 27 octobre 2019
1h du matin, devan ekran m’
check it !
rap espwa slogan kreyòl pozitif

[couplet unique]
anpil refleksyon fèt : m’ deside pran plim pou m’ ekri
apre tou se sèl zam m’ posede sèl manyè pou m’ dekri
toujou anfas yon paj blanch, pote mesaj se sa k’ ban m’
motivayon m’, kite m’ raple n’ ke se pa pou hit m’ap ekri

haiti : si m’ chwazi w’ kòm sijè se paske m’ endiye
se paske m’ touche, m’ap kouche kèk ide pou m’ pa kriye
prèske tout zòn se ensekirite k’apwopriye l’
vi makiye : pa sèl nan ghetto moun sou moun akokiye

m’ pa dispozе anpil tan so m’ap dirèk
anpil kran san tabou sou tanbou, anpil nan
reyalite yo se fòt nou mеn nan tèt nou s’on pil blan
ki koze yo, n’a ekskize m’ si tèks la pa byen structuré

depi kilè tou tèks te prewokipasyon nou ?
gad sa n’ fè de mizik, nou prè donk isi pou nou ka reyisi
chante tout tèm ? yon tas de critique
sou fanm, on rabòday, on bann trap san sèvèl se yo k’ gen yon tas de visi_
_bilité : pou fè ti jèn yo deprave
kite mele m’ si yo rayi m’ ? m’ konnen petèt m’ap fè kòve
men fò m’ di l’ pwiske m’ wè tout gran yo fèmen bouch yo
sa k’ fè pòz pa konprann, sa k’ jis chwazi l’, mete l’ kòm touch yo

bref : prèsk’an 2020 bezwen de baz yo se luxe
pil tan ap travay pa g’on bekàn voire si w’ t’a g’on hilux
koze kay pou n’ anfème tèt chaje imaj yo trè sal
pa panse ke y’ap bèl menm si n’ t’a pran yo nan men lux

almay fete 32 zan elekstrisite san koupi
nou n’ap kwoupi wè si n’ t’a elektrifye nan 32 zan
repòtè ak jounalis pran plezi bay fo enfo
n’ap enpòte tout zagribay ekspòte men dèv ak sèvo

mesye se sa n’ rele peyi a ?
matyè toupatou pa gen poubèl menm nan meri a
tout tarif k’ap met sou transpò leta pa okouran ?
yo pa konnen ke tout bwa n’ yo fin koupe pou fè chabon ?

mwen pa vin atardé, tèks sa se jis yon rapèl
ke m’ pa tand’on bon track souvan lòt kote ke sou yon tel
portable, menm si y’ap di w’ tèks ou a mortel
yo pap woule l’ si tèks sila a pap pale de bordel

mais bordel ! ka a grav
parler d’haiti consiste presqu’à parler d’un cadavre
lekòl ap fè 0% pandan « des ans » san fèmen
alòske y’ap voye plis ke 20 timoun nan egzamen
kòman w’ t’a vle pou bag_y sa yo pa kwoke nan gòj mwen ?
kòman w’ t’a vle pou se pou rad pou m’ t’ap deplwaye gòj mwen ?
sinon ke rad ke anpil timoun pa jwenn pou yo mete
kòman w’ t’a vle pou m’ap fè (sku sku) pou m’ap fè malpwòpte ?

chante tenten se sa k’ lari a ?
demantle edikasyon jamè n’ pap jan m’ genyen pari a
n’ap jis gen notoryete pandan n’ap rete sòt
nou pap f’on pa kòm peyi n’ap jis ret depandan de lòt
rappel !

[outro]
yo… m’ pa vin eksplike anyen ou konprann sa m’ di w’ la ?
m’ jis vin raple n’ de sa k’ap pase nan peyi a pou n’ pa bliye l’
perfect koud beat la, zo polo kontwole mikwo a
sky c, hebert le grand
kofy, redjee
will g zoe, perfect music empire
bag_y yo just lèd man (2x)
asfiksy, mic controller ankò
r.e.s.k.p. for life
i’m out !

كلمات أغنية عشوائية

اهم الاغاني لهذا الاسبوع

Loading...