zo polo – konbit pou lapenn كلمات اغاني
[couplet unique]
avan soley la fin leve lawouze potko fin tonbe
sou mwen yon bout chòt chire m’ pral nan jaden m’ pral plante
m’ gen timoun pou m’ edike e lekòl yo pap peye si m’ chita
on djakout nan do m’, on sèpèt ak on katchapika
nou nan sezon lapli m’ g’on ti plan melon m’ met nan tè
wè si m’a rekolte ane pase se te men nan tèt
adje konpè ! tiyo k’ vin nan jaden m’ koupe wi
pou jwenn ti gout dlo se peye pou w’ peye bwote l’ wi
m’ paka lage lavi m’ ap lave nan men leta n’on peyi
anyen yo pa ba n’ reglе an n’ kontinye viv nan keyi
antre nou avan mizè atеri sou nou
ti piman m’ nan fin boule razè m’ mèt akeyi l’
ti bannann nan ki la m’espere l’ap jete
m’ w’on ti pòpòt parèt li t’ap bon nan sakpay m’ ta mete l’
voye l’ nan mache wè si madanm a toun’ak kichòy
lavi di e li difisil pou w’ achte lamanjay
vye bèt mwen yo fin mouri, ti milet la anba gawòt
se mizè, goumen chak jou wè si m’ ta ba l’ on zawòt
nan konsa se jaden an ankò m’ fin koupe ba li
bèt la ap itil ou w’ paka kite l’ la ap mouri
6 pitit pa blag youn nan kouti
vin di m’ ! ki kritik w’ap vin bay nèg isi ?
a madanm se sèl mwayen pou jwenn ti desipè
ti domino pa jwe ankò depi lè konpè jak nan simetyè
fè jounen pou sekle jaden se kòve w’ap fè
bèt lage n’ fèk sot nan sèk e tou kisa w’ ka fè ?
di tout sa m’ dwe fè pou timoun m’ pap ka site
fè kòb isit pa fasil pa m’ yo pap k’al inivèsite
m’ g’on ti bwa demwatche m’ pral f’on ti chabon m’ voye vann
wè si m’ ta pwoteke yon lòt ti kal tè nan savann nan
m’ pa gen laj pou m’ap mize ankò
timoun yo pral leve m’ elèv, menm mizè a ankò
[outro]
mic controller ankò
on konbit pou lapenn
perfect w’ap voye wou
eh yo ! gusley, m’ wè w’ tande
i’m out !
كلمات أغنية عشوائية
- dj pirata el kaio robleis › dj pirata, el kaio, robleis – una noche más (remix) كلمات اغاني
- alan jacques › alan jacques – seoul كلمات اغاني
- jo papi › jo papi – icandy كلمات اغاني
- young k › young k – let it be summer كلمات اغاني
- jeremy garrett › jeremy garrett – i can’t lay your lovin down كلمات اغاني
- the 1975 › the 1975 – sex (live from gorilla, manchester, 01/02/23) كلمات اغاني
- sean paul › sean paul – what’s it gonna be كلمات اغاني
- under the underground › under the underground – oppenheimer كلمات اغاني
- 2req uglyxxxander › 2req, uglyxxxander – eternal كلمات اغاني
- artigeardit lamin › artigeardit & lamin – dag-til-dag rapper كلمات اغاني