kalimah.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

the bongo hop – grenn pwonmennen كلمات اغاني

Loading...

mache n’ape mache san n’ pa konnen kote n’ pr’ale
prese wi nou prese, m’ pa konn’ kilè men n’ vle rive
men je n’ fèmen oubyen n’ bliye gade dèyè tout sa n’ lakòz
devan pòt tounen dèyè kay, nèg pa vle plante bò lakay
di mwen lè solèy la leve, kiyès k’a ede m’ fè konbit
pou lawouze tounen lespwa pou nou ka rekòlte lavi

grenn pwonmennen, grenn pwonmennen
asyèt ou chaje maladi
grenn pwonmennen, grenn pwonmennen
de je n’ kale men n’ap dòmi
li pa twò ta pou n’ reflechi, li pa twò ta pou n’ reflechi
boule, wi n’ap boule, pou n’ fè chabon kisa k’ peye
tout mòn yo debwaze, pou chak lapli gen je k’ fèmen
eske l’ nòmal pou n’ enpòte sa fòs ponyèt nou te konn’ ba’ nou
devan pòt tounen dèyè kay, menm diri n’ pa fèt bò lakay
di mwen lè solèy la leve, kiyès k’a ede m’ fè konbit
pou lawouze tounen lespwa pou nou ka rekòlte lavi

grenn pwonmennen, grenn pwonmennen
asyèt ou chaje maladi
grenn pwonmennen, grenn pwonmennen
li pa twò ta pou n’ reflechi
li pa twò ta pou n’ reflechi
li pa twò ta pou n’ reflechi

di mwen ! oumenm ! oumenm ki save
lè w’ prale sa w’ap kite?
timoun yo, tchovi yo ki dèyè, si w’ pa simen sa w’ vle yo ranmase?
ou montre y’ achte ou pa montre yo vann
ki mantalite, kisa w’ vle n’ defann?

ki garanti pou lasante si pwodiksyon egal pwazon
si pou manje y’ap tann yo bay sa n’ te dwe plante bò lakay
di mwen lè solèy la leve, kiyès k’a ede m’ fè konbit
pou lawouze tounen lespwa pou nou ka rekòlte lavi

grenn pwonmennen, grenn pwonmennen
asyèt ou chaje maladi
grenn pwonmennen, grenn pwonmennen
de je w’ kale men w’ap dòmi
you might also like
li pa twò ta pou reflechi, pou w’ ka garanti yon avni
ann’ ale solèy la leve, grenn pwonmennen annou ale
li pa twò ta pou reflechi
li pa twò ta pou reflechi

كلمات أغنية عشوائية

اهم الاغاني لهذا الاسبوع

Loading...