kalimah.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

tafa mi-soleil – reponn كلمات اغاني

Loading...

[ kòmansman ]

ouuuuuuu ouuuuuuuu ouuuuuuuuuu

[ kouplè 1 ]

mwen rele w mwen pa tande ou
reponn
mwen chèche w men mwen pa janmen
jwenn ou
konbyen fwa nan pòt kè ou mwen va frape
louvri m
konbyen twou nan lespri ou m a va fouye
pou jwenn sekrè ou

lavi nou ape make pa sou plas
nou manke pale nou sere twòp kras
m anvi konnen ki doulè
ki boule tout flè lavi w

reponn
reponn

[ refren ]

mwen di w reponn
depoze nan pla men m tristès doulè w
reponn
depoze nan bra m tout sa ki fè w pè
reponn mwen
tankou glas anba solèy
kite ou fonn sou kè m
reponn mwеn
reponn
[ kouplè 2 ]

ouuuuuuuu ouuuuuuuu ouuuuuuu
ouuuuuuuuu ouuuuuuuuu ouuuuuu

plis ane yo ap kouri
m ap vyeyi
mеn sa p ap chanje lanmou m
ni vyeyi l
m p ap bouke kenbe men w
pou travèse tout lanmè
m p ap neglije met fòs mwen
pou kraze baryè fwontyè pou ou tou

e m anvi leve tout rido ki vwale
sa k fè w mal e sa ki menm fè w kriye
zanmitay ant nou pèdi
wi lanmou nou menase

reponn
reponn

[ refren ]

mwen di w reponn
depoze nan pla men m tristès doulè w
reponn
depoze nan bra m tout sa ki fè w pè
reponn mwen
tankou glas anba solèy
kite ou fonn sou kè m
reponn
reponn
[ fen ]

ouuuuuuuuu ouuuuuuuuuu ouuuuuuuuuu
ouuuuuuuu ouuuuuuuuuu ouuuuuuuuuuu
ouuuuuuu ouuuuuuuuuuuu ouuuuuuuuu

كلمات أغنية عشوائية

اهم الاغاني لهذا الاسبوع

Loading...