kalimah.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

tafa mi-soleil – ale nèt كلمات اغاني

Loading...

[ kouplè 1 ]

ou di mwen se pa lanmou ki manke
men sanble pou kenbe w li p ap janm ase
mwen chita nan yon kwen pre papòt la
ap gade ou k ap rasanble tout koze w

fwa sa mwen p ap kriye
ni m p ap sipliye ou rete
lanmou pa nan fòse
men se yon wout jefò li ye
men si ou vle ale

[ refren ]

e menm si remò vlope m
ou ka chache nan je m ou p ap janm jwenn
yon gout dlo tonbe
si se tout bon vre ou vle pran yon lòt chimen
fè wout ou men pa vire gade m
e si w ale w alе nèt

[ kouplè 2 ]

w ap mandem pou m vin tout sa mwen pa ye
mеn w konnen tout blese m yo andomaje m
nou tou de konnen m pa yon ti bondye
men m te dakò trennen si sa ka leve w
fwa sa mwen p ap kriye
ni m p ap sipliye ou rete
lanmou pa nan fòse
pèfeksyon an se nou k kreye l
men si ou vle ale

[ refren ]

e menm si remò vlope m
ou ka chache nan je m ou p ap janm jwenn
yon gout dlo tonbe
si se tout bon vre ou vle pran yon lòt chimen
fè wout ou men pa vire gade m

e menm si remò vlope m
ou ka chache nan je m ou p ap janm jwenn
yon gout dlo tonbe
si se tout bon vre ou vle pran yon lòt chimen
fè wout ou men pa vire gade m
e si w ale w ale nèt

[ koral ]

ale ale ale eeee
ale ale ale eeee
ale ale ale eeeee
ale ale ale eeee
ale ale ale eeee
ale ale ale eeeee
ale ale ale eeee
ale ale ale eeeee

e si w ale w ale nèt
w ale w ale nèt
e si w ale w ale nèt

كلمات أغنية عشوائية

اهم الاغاني لهذا الاسبوع

Loading...