kalimah.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

t.o.r.p.a. – cœur de pierre كلمات اغاني

Loading...

verse 1]

ou wè lanmou , se pi bon zanmi l pi gwo ènmi l

s on santiman sanwont ki toujou vle nwi

wè! li toujou mache ak tristès

e se sèl choz pou kè m aksepte ke l pase a plis tès

e lè l gen jwa , se pou on ti bout tan ki janm pa dire

andan l soufrans konn f on pil tan l pa janm dilye

podyab, s on ti kè k pa gen chans

pafwa se zorèy ki konn bal ti mizik pou ka fè l santi l mieux

chak batman l, se jus pou l esprime sa m santi

karès lè kò m ap jwenn fè l bat fo ak sa l sansib

dèfwa l s on sib , gen sa k konn vle vize l

li frajil men nenpòt ti frap p ap sifi pou brize l

non! èske se paske l twò gwo ki fè l difisil pou l konble

oubyen l gendwa pa jwenn ase

e lè l gen pwoblèm se tèt mwen k pote chay yo sil tonbe

[refren]

se kòmsi m santi m toujou gon bag-y ki manke

m an detrès chak fwa l toumante

pou bag-y ki nan kè m menm toujou santi l vid

e lè m pa gen chwa pou m fè m toujou santi l gid

e lè lesprim gen dout se sou li m konte

malgre tout fòs lanmou se sou li yo konn vle ponpe

li toujou sipòte malgre tout mizè m ba l

m santi l ap bat m use bouch mwen

jus pou m ka fè n tande vwal

[verse 2]

l toujou gen fòs pou l reziste a chak kou

m konn santi l vin pi solid se apre chak tou

e chak kout foud li resevwa konn mete l en flamme

li souvan mal lè nan li lanmou chwazi antr on femme

m santi l vibre chak lè santiman m yo twò fon

lè bouch pale pou li m konn santi mo m yo twò fò

se twòp fot ke m fè ki fè dèfwa m konn santi m blèm

e lè m metel a leka pou m aji dèfwa m santi m bèt

lè l manke mo dèfwa se ak dlo je m li esprime l

l toujou fèm kwè m ka fè plis a chak fwa m vle souzestimel

m konn bay tout kè m difisil pou m jwenn yon lòt fè de même

e si w pa ta ka konble l se sur ou p ap ka fè bonè m

se sur ou p ap ka fè bonè m , si bò pwatrin goch mwen

gen yon tou vid

e si nan li non w ta grave ou mèt sur ke se yon mak ke nan

mwen m ap genyen tout vi m

[refren]

m andetrès chak fwa l toumante

se komsi m santi m toujou gon bag-y ki manke

pou bag-y ki nan kè m menm toujou santi l vid

e lè m pa gn chwa pou m fè m toujou santi l gid

e lè lesprim gen dout se sou li m konte

malgre tout fòs lanmou se sou li yo konn vle ponpe

li toujou sipòte malgre tout mize m bal

m santi l ap bat m use bouch mwen

jus pou m ka fè n tande vwa l

كلمات أغنية عشوائية

اهم الاغاني لهذا الاسبوع

Loading...