kalimah.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

shaky akgenlaaaa – konbyen كلمات اغاني

Loading...

lyrics konbyen? by shaky

[intro]
yòw! it’s shaky akgenlaaaa
ayiti chaje talan

[pre-hook]
nèg yo pap ankadre pyès talan
yo plis sou ba w’ ti plat menm lè yo ta twouve ke w’ bon man
ou gen diplòm ou pa ka manj’on tèt aran
yo anlè y’ap gade w’ anba si w’ tonbe yo pap ba w’ men

[hook]
konbyen christiano nou t’ap gen deja?
konbyen michael jordan nou t’ap gen deja?
konbyen mr bean nou t’ap gen deja?
konbyen 50cent ak beyoncé nou t’ap gen deja?

konbyen?
konbyen pic-sso nou t’ap gen deja?
mwen di konbyen?
konbyen michael jackson nou t’ap gen deja?
konbyen david guetta nou t’ap gen deja?
konbyen mike tyson ak james cameron nou t’ap gen deja?

[verse i]
nèg la g’on diplòm agwonomi
lè w gade w’ wè l’ nan sikilasyon
se pa di m’ di la polis la dezonè men gen moun ki fè l’ s’on sitiyasyon
nou chaje talan isi ba k’ ret imòtèl kou bob marley
malgre yo wè m’ fò yo soti pou bloke m’, e yo menm vle mete pikan on my way
nou gen k’ entèlijan men pa ducobu
n’ chaje nèg ki konn dunk man like b. kobe
atis yo ap mouri pòv èv yo poko soti sou mache a w’ jwenn pil kopi
yeah of course nou konprann sa
talan n’ yo fò n’ pa di nou konn vann sa
si w’ vin pale mwen de dj k’ fò m’ap reponn oyeah nou g’on bann sa
ban m’ pase nan sinema, san manti nou gen des milliers bon aktè
nou gen komedyen k’ ka tèlman fè w’ ri la my n-gga k’ fè w’ kite dan w’ atè
respè pou tout nèg nan geto ki gen talan men ki pa ka f’on pa
toutotan tèt pa koupe n’ espere met chapo met nan tèt nou n’ n’on konba (yeah)

[hook]
konbyen christiano nou t’ap gen deja?
konbyen michael jordan nou t’ap gen deja?
konbyen mr bean nou t’ap gen deja?
konbyen 50cent ak beyoncé nou t’ap gen deja?

konbyen ?
konbyen pic-sso nou t’ap gen deja?
mwen di konbyen?
konbyen michael jackson nou t’ap gen deja?
konbyen david guetta nou t’ap gen deja?
konbyen mike tyson ak james cameron nou t’ap gen deja?

[verse ii]
m’ pa di w’ avè m’ my n-gga
sa blèm my n-gga
konnen w’ nan erè si w’ pa kwè m’ my n-gga
isi ba nou chaj’on bann talan k’ap gaspiye san manti m’ di l’ a kè m’ my n-gga
si w’ s’on pwofesyonèl man pou ka jwenn job,nan ti peyi sa mon ami l’ pa easy
nèg la fin fè kont efò l’ nan vi l’,lè l’ rive y’ap di l’ djab y’ap di l’ masisi
nou gen sa ki bon nan atizana
gen k’ fè bèl grafiti nan mi kay la
jèn yo chaje avni
yo gen talan avi
w’ ka menm ekspoze èv yo mupanah
nou gen moun ki tèlman konn danse
w’ap wè k’ap fè mouvman avèk tout kò l’
nou gen boxeur nou gen coureur epi n’ gen des grands jwè football
pou talan n’ genyen m’ konnen m’ pap ka site tout
manque d’encadrement sa koz nou pa ka wè kapasite tout (non)
yo pap ankouraje w’
men yo prè pou eksplwate w’
lè w’ sou wout succès a w’ap wè se ou y’ap bay tout nom (yeah)

[hook]
konbyen christiano nou t’ap gen deja?
konbyen michael jordan nou t’ap gen deja?
konbyen mr bean nou t’ap gen deja?
konbyen 50cent ak beyoncé nou t’ap gen deja?

konbyen
konbyen pic-sso nou t’ap gen deja?
mwen di konbyen?
konbyen michael jackson nou t’ap gen deja?
konbyen david guetta nou t’ap gen deja?
konbyen mike tyson ak james cameron nou t’ap gen deja?

[outro]
yòw! it’s shaky akgenlaaaa
yòw! chemizèt blan
siwbliyenommpafètètchojustrelemmisterimpossible
————————————-
music sortie officielle le 10-10-18 a 8:00 pm
t-tre:konbyen?
art:shaky
écrit par shaky
arrangé par shaky
beat par dice
mixé et mastering par dice
———————-
info: +50946841475
———————-

كلمات أغنية عشوائية

اهم الاغاني لهذا الاسبوع

Loading...