kalimah.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

rockfam lame a – assez كلمات اغاني

Loading...

yon ti erè ke mwen te fè
te fè la vim tounen y lanfè
ou fin kitem wap panikem
eske se vre ou vle tiyem
mwen pa premye nèg ki twonpe yon fi
poukisaw chwazi se mwen sèl ki dwe mouri
menm bonbye pa bay de pèn alafwa
poukisa ou pa sispann banm traka

pouki nou pa ansanm depi ou wèm ou tonbe agasem
pouki lèm yon kote ou vin parèt ou tonbe trakase
ou pa yon ènmi pou mwen m pa wè rezon pouki wap nwim toujou
ou kapab diferan de mwen ki koz mwen pa nan viw toujou
se pa destenn poun kontinye
menmsi m gen tò mwen diw ase
lanp lanmou n rive etèn fok n akseptel sa dwe pase
lè moun palew de mwen nonm se pi gwo mo k sot nan bouch ou
gen lèw gentan bliye si se mwen ou te konn rele chouchou
ou dim paka fè bonè
mwen vle ale san regrè
nan la vi pa janm di jamè
pran pleziw tanpri banm lapè
lèn te konn gen pwoblèm pat janm te konn nan rakonte zanmi
m pa wè poukisa se jodia ou deside banm bri

ase mwen santim fatige
ase pouki wap panikem
ase mwen santim pakabap ankò
se ou kap koz lanmòm
ase mwen santim fatige
ase pouki wap panikem
ase mwen santim pakabap ankò
yeah eah
apre tout sa ki fin pase pouki se mwen ou toujou ap chache
fin fè viw wap machak kom wap pale sou dom tout kotew pase
ou tou fèm wè ke lanmou pi devan ka tounen pyèj
pandan wap jijem pou sam te fè ou menm ou pa yon sent vyèj
pouki depim tandew nan yon zòn mwen menm m oblije lase
plede relem nan telefòn chak jou vim wap menase
wap mache wap chachem, plede mande kote mwen pase
kotem kache, kounya m fache sim te fèw bag_y ki mal mwen diw ase

ase mwen santim fatige
ase pouki wap panikem
ase mwen santim pakabap ankò
se ou kap koz lanmòm
ase mwen santim fatige
ase pouki wap panikem
ase mwen santim pakabap ankò
yeah eah

tout kotew pase wap palem mal wap dim se vagabon
menm soufri ase, m konenm few mal se pa mwen k pi pa bon
mwen fout bouke fwa sa
m refize pot kwa sa
wap gade byen li pa nòmal poum abese fwa sa
en an gentan pase deja m santim anvi chanje paj
ou dim gen tò devan la lwa menw vle jijem avek raj
pa janm gen pèn san sekou
pat dwe gen hèn an retou
pran jew gadem wap wè etam, menm lem konenm baw degou
konpreyansyon, afeksyon prensipdebaz tout relasyon
te merite afeksyon, avan tou konenm se gason
non machè sa pa bon
atansyon pa kapon
pa kwè se mwen sèlman ki rann jwèt la vin makawon
yon ti erè ke mwen te fè
te fè la vim tounen y lanfè
ou fin kitem wap panikem
eske se vre ou vle tiyem
ooo…
mwen pa premye nèg ki twonpe yon fi
poukisaw chwazi se mwen sèl ki dwe mouri
menm bonbye pa bay de pèn alafwa
poukisa ou pa sispann banm traka

mwen pa premye nèg ki twonpe yon fi
poukisaw chwazi se mwen sèl ki dwe mouri
menm bonbye pa bay de pèn alafwa
poukisa ou pa sispann banm traka

ase mwen santim fatige
ase pouki wap panikem
ase mwen santim pakabap ankò
se ou kap koz lanmòm
ase mwen santim fatige
ase pouki wap panikem
ase mwen santim pakabap ankò
yeah eah

ase mwen santim fatige
ase pouki wap panikem
ase mwen santim pakabap ankò
se ou kap koz lanmòm
ase mwen santim fatige
ase pouki wap panikem
ase mwen santim pakabap ankò
yeah eah

كلمات أغنية عشوائية

اهم الاغاني لهذا الاسبوع

Loading...