kalimah.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

règleman afè popilè – kanè sekrè كلمات اغاني

Loading...

[mozo]

kanè sekrè

8 me demilven
2 zè karannsenk
m ap bouske somèy nan yon black_nòt
3 fwa klavye a ban m non w
jis paske m tape s
sa fè 7 fwa
m pran imajije vizaj ou
lè w tande sa nan 106 jou
alòs mwen tanmen chache
yon mo k pou fè san w mache
kisa m potko jan m di w
ki pawòl ki ka touche w
m pran fouye nan panse m
reviv tout sa nou viv
chache nan pase m
dekòtike chak ti souvni
pouki m santi g on bag_y ki manke
poutan m sèten tablo a penn san fòse
pouki kèk dout ret ankè
toutan m ap rape tout efase
m reyalize
chwazi pa sifi
asime pa sifi
règrè yo ka toujou gide m
men fò m pran tan pou m eksprime yo
8 me 2020
4è sèt dimaten
mwen pa t la lè w te pi bezwen m nan
m regrèt
mwen mande w padon
[vanessa jeudi]
m te f on kanpe
pou m vanse
kite wout nèf
pou on tè glise
nan yon lakou pòv se peche
si po w boule
si w pot tete
m oblije pran ponya mwen

[mawon ardy]
bajou kase, kòk la chante
kouri pran wout avan solèy leve
lawouze sou po pye m
lakodo sou popyè m
wout simityè ! sou tonm chemène mwen prale
2 3 kout kleren, yon balèn
manman! lanmò w se malè n
lavi a ban m kou, menm bal tou
men m bal tou
depi w ale! peripesi n koumanse
non m se! dlo pote van charye
tout jouman! tout rayiman!
tout chay pa w nou pote
yo di w t ap kouche pa lanmè leve pa divizyon
se sa k fè w pa konn papa sherley
anpasan, yon lane apre w papa m ale
nan sa ki di, kisa ki vre?
èske se vre, se frè a ki touye w vre?
m pa gen okenn souvni w, pa gen anyen ki rete
men mwen souri chak fwa yo di m sanble ake w
[vanessa jeudi]
m te f on kanpe
pou m vanse
kite wout nèf
pou on tè glise
nan yon lakou pòv se peche
si po w boule
si w pot tete
m oblije pran ponya mwen

[mawon ann di]
lanuit s on twou fon yon gwo vid yon silans mizikal
yon pansman yon beki yon womans medikal
tankou lobo pou m navige m plonje nan de bra yon powèm
batiman chagren m fè nofraj vide lank m anbeli pwoblèm
souri m yo sensè men rezon yo fo
gòj deplwaye m eklate ri m chak lè manjezon yo fò
gen rezon ou tò? depi n rekòlte flè k nan mwen
move sezon n sèvi m hounfò refi m reflete pè k nan mwen
tankou yon foto danfans k ap pèdi dan sou miray souvni
pwezi m an kadans bay bèl ti dan soutni l ak soupi
lavi nan patans pa pèdi tan suiv li l s on toupi
lari banm pa dans sekrè kijan m viv li nan bout li
anverite m pa poukò m chaje kè tris ki banm zepòl
yon frè yon sè swa se joslin oubyen se pòl
lè m wet aksan fòs menm mò tounen yon bèl mo
m rap san fòs anfas lanmè chak vag m ofri n yon bèl bo
[vanessa jeudi]
m te f on kanpe
pou m vanse
kite wout nèf
pou on tè glise
nan yon lakou pòv se peche
si po w boule
si w pot tete
m oblije pran ponya mwen

[vanessa jeudi]
nanm mwen kache nan chak nòt
melodi m pa fè wonn pòt
kè m louvri de batan
men la se pousyè k vle antre
bote sere nan chak nòt
gou souri m pa fè wonn pòt
ou aprann mwen pou m konbatan
laperèz mwen yo mwen antere
manmanmanman

كلمات أغنية عشوائية

اهم الاغاني لهذا الاسبوع

Loading...