kalimah.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

règleman afè popilè – dèy كلمات اغاني

Loading...

[mozo]
lari sonm tankou verse sa
poutan se la w trennen rèv nou
dlo je nou mouye mo yo
mo yo anmè kou lanmè
koz toupatou w pote lanmò
kò k ap pase yo
se sila ou kreve yo
mwatye bèt mwatye moun
mwatye zo, mwatye mouch
s on maleng karanklou desinen
tan fè tounen vè
mande pouki nan tout gran chimen
kadav anpile kou ranblè
nwa te toujou sèl koulè n
li abiye menm mizik nou
nan vwa n nou pote doulè n
kèk tan rèl se sèl gimik nou
nou pèdi rit lavi
sou 4, nou sou 2 tan
n antre nan won san baton pandansetan
dlo nan je kou madan letan
n ap konte mò, n ap touye tan
pa gen moun pou fè vèy
pa gen kò pou pot dèy
fatra tounen simityè
pa gen planch pou sèkèy
ann batay pou nou pa mouri anvann defen
si lanmò pase l pa pote w, ret kwè m l ap tounen tank on refren
[mawon ardy]
konbyen pou leta touye?
konbyen manman pitit ki pou kriye?
konbyen k pou mouri sou branka ?
sa k peri nan kolera?
konbyen k pou pèdi lavi nan pouse lavi?
sa k mouri gran chimen ?
konbyen?
twal gaz pou panse tchovi k senyen?
konbyen ?
konbyen gout dlo k pou tounen san?
gout san k pou tounen dlo?
pran wout lavi miyò, bonèt la chavire
al echwe nan peyi san chapo
lòt jou, vwazin nan 2 men tèt
pitit li k pran bal nan tèt
pa bò isit, leta se vanpi
li renmen san
pa mande l pou l responsab
se grandon ak patwon l sèvi
se tchwe l tchwe malare
sasisen rèv kout pikwa douvanjou
y ale men pa sispann konte
pa pou bare douvanjou
pa banm tan pou n grandi
pa ban n tan pou n fè lonb
pou tchovi vin poze
lè chalè lavi monte
[mawon ann di]
moun k ap batay pap janm mouri se sak koz janil prezan
leta kadav machann sèkèy pa kite l pase pre san
pase prezan ou sasinen sak rete yo w disparèt
nan vant ou anglouti rèv w antòtche n nan risk ak dèt
yon dal bandi k sèl jij piti mouri mò toufounen
fè n manje sa nou pa donnen menm dlo diri sèl ji
ou vann tout sak anlè oubyen anba tè
si jamè nou ta leve vwa n bay tikè pou n al anba tè
gwo bèt sèt tèt leta mal rasis kapitalis
trujillo konplis livre kako bay misil yankees
tris istwa w ekri sou po n ak pwent gwo fizi
nou pran wont lè n sòti deyò tankou papa k te gwòs pitit li
ou bay gwòg plis dwòg timoun fòktòp gen vis twòp
pa bay job ou rich twòp si nou pòv twòp se ou k kòz
leta sa la li etranje se premye lènmi n
l ap toufe lide n san wont je l mande n ini n

[vanessa jeudi]
yon priz tè
yon gout san
lavi glise l ale
moun sou mò
mò sou moun
lavi ap kannale
gen yon rèl nan gòj lesivyè
yon tach san nan tchye wòb koutiryè
lavi pase l ale
nanpwen fanm saj gran simityè
ayayayay
ayayayay
mwen rele dèy o
dèy ooooooo

كلمات أغنية عشوائية

اهم الاغاني لهذا الاسبوع

Loading...