kalimah.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

mcs – medik & c-heinz & star-click – pwofon regrè – remixed كلمات اغاني

Loading...

pwofon regrè _ remixed lyrics
[tèks “pwofon regrè”]

[intro: c_heinz]
mwen te prè poum ba w sa w vle
mennen w kote w vle
domaj mwen fware
mwen fware

[verse: star_cl!ck]
au départ te gen lanmou, men m pa sûr te gen amitye
ki vin koz, mwen avèk ou nou pat janm ka fin abitye
ki plis koz, nou t ap viv mal malgre mwen te gen volonte a
sa raz ou twonpe m e w montre m ou te gen volonte a
mpanse, lanmou w te resipwòk pat janm gen ezitasyon (ouais)
pou mwen w t on dwòg, enfidelite koupe tout adiksyon (ouais)
m te pasyone pou jan w gеntille poutan w te nan vye aksyon
ouais, еt c’est ainsi, la raison a tué ma passion
m pap sanwont fwa sa deja m san santiman pou ou
kè m pa bat rapid ankò lè m wè w m santi l lan pou ou
se vre w adulte men nan panse w ou still rete yn kid
so, please sispann renmen m ankò m pa vle gon lòt vid
domaj pa gen tribinal pou dedomaje tout pèt de tan m yo
nonb de fwa w twonpe m rive depase tout 32 dan m yo
regrè m yo pa touche tè ankò tèlman yo pwofon
santiman m t avegle m pat remake w te pran m pou yon con
[refrain: c_heinz]
ohh bebe
mwen te prè pou m ba w sa w vle
mennen w kote w vle
karese w tout jounen en en
avè w mwen te vle bati yon fanmi
yon fanmi ki ini
domaj mwen fware
mwen fware

[verse: medik]
pi souvan move eksperyans yo kite leson
m aprann menm te twouve m non relasyon k kite regrè
le pire tonbe damou santiman pa bay rezon
m tap sere w nan pwofon kè m pandan ou menm t ap fè retrè
m pap di w brize kè m paske m te ba ou l tou brize
ou fonn li. m tap mache avè w men w te gen plan fusée
ou pat ka fè diferans ant bonè ak pèfeksyon
fason m te vle grandi avè w te diferan d pèsepsyon w
te ba w tout sa w merite, w al chèche tout sa w pap janm jwenn
tout mwen menm mwen te livre, avan kou yo t atenn
kèm. enfidelite w nan do m pat sispann fè tak
nou t ap mennen yon vi an woz pran relasyon w mete l sou djak
pwomès maryaj avni atachman konfyans ou kraze tout sa n pran tan pou bati se konfime
jalouzi twonpri frivòl avè m tap jwe roulette russe m pat gen le chwa ke pati an fumée
m_rde !
[refrain: c_heinz]
ohh bebe
mwen te prè pou m ba w sa w vle
mennen w kote w vle
karese w tout jounen en en
avè w mwen te vle bati yon fanmi
yon fanmi ki ini
domaj mwen fware
mwen fware

[verse: c_heinz]
ou pran m ou meprize m
ou mache sou fyète m
ou fè mwen wont tèt mw
tout zanmi m ap griyen dan sou mwen
malgre tout sa ou fè m
so m ap toujou ret fèm
m pap janm dekouraje
e m pap janm dezespere

èske m ka di lavi a kont mwen
malgre m still ret poukont mwen
m wè l nan figi m tout jounen
ak lòt blòdè l ap mennen
se vre m ap toujou renmen w
simen flè sou chimen w
men se pat sa w te vle
m regrèt sa bebe ou mèt ale
[refrain: c_heinz]
ohh bebe
mwen te prè pou m ba w sa w vle
mennen w kote w vle
karese w tout jounen en en
avè w mwen te vle bati yon fanmi
yon fanmi ki ini
domaj mwen fware
mwen fware (x2)

[outro: c_heinz]
mwen te prè pou m ba w sa w vle
kote w vle
babyyy mwen fware

mwen te prè pou m ba w sa w vle
kote w vle
an an an mwen fware

كلمات أغنية عشوائية

اهم الاغاني لهذا الاسبوع

Loading...