kalimah.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

malada – twomatis كلمات اغاني

Loading...

twomatis lyrics
jenn demwazèl k ap grandi
bèl
vizaj inosan
ti figi won
ti po byen pèch
1mèt 60 anviwon
anndan yon fanmi 4 pitit
m kwè yo 3 fi yon gason
li menm ki anvan dènye
yo tout t abite sou nazon
manman l te kòmèsan
au komansman yo te f on bèl envestisman
li vin difisil pil defisi
bag_y yo vin on dwòl fason
men l kenbe kò l
li ret lekòl li patko jwenn dekourajman
anpil efò li fè filo
avèk siksè l kòm angajman
papa a te la
men l pa t kapab
problèm tansyon
li vin malad
li te chofè avan l t ap fayt
li vin santi
vi l pitwayab
lòt 2 pi gran yo kalkile
se peyi a pou yo kite
bò isit pa ofri gran choz
yo pral chèche yon lòt kote
annatandan yo fè paspò
youn t ap bay lòt ankourajman
yo tout te bezwen pati
al on kote jwenn soulajman
ti sè a trè detèmine
li anvi jwi e l gen talan
li konn chante e l se mannken li jis bezwen ankadreman
jou ap pase
tan ap redwi
e manman an
stil ap redi
di pou fanmi an viv
e papa vin trè megri
vin pa gen kòb yo frape pòt yo te bezwen papa geri
se jis apre yo vin konprann ti pa ti pa vil t ap peri
anpil doulè
lavi chè
pigran yo chwazi lòtbò fwontyè
yo kwè laba gen mwens mizè
yo di y ap viv nenpòt mannyè
ti sè a menm vin jwenn yon nèg
ki pafwa konn g on ti chèk
y ap ba l presyon pou l ret fidèl
yo di misye ka pot ti èd
sa w tande a nèg an konfyans
misye konpòte l an paran
li di li menm granmoun se rans
souvan mennaj la anba baton
podyab tidam nan anvi pran chans
kite misye koz s on pwazon
men l nan chomaj
vi li san sans
e fò l lage pye l tout fason
li kòmanse vin rann li kont
aprè li fè nouvo rankont
de twa zanmi k nan fakilte k gen fakilte pou fè l konprann
yo di l nèg sa yo se sanwont
si li pa tchwe w se ou k ap wont
apenn soti nan on lanfè
kounya l pa konn kisa pou l fè
mete sou sa li pè soti
li tankou moun ki annafè
pil refleksyon
depresyon
ensekirite kidnapin
sa gen kèk jou yo pr on fanmi l
yo menm vyole l nan gran ravin

pwoblèm sou pwoblèm
li vin g on blokaj nan sèvo
anba mizè soti avè l
al nan resto fè ti foto
di l anyen pa sot sou valè l
mande l repati a zewo
zanmi yo fè kontak labèl
pou fè l rantre nan estidyo
li kòmanse de 3 seyans
kounya l gen mizik kòm zouti
li pa fokis
gen twòp soufrans
li di yo non l p ap abouti
podyab li rive nan on kafou
avni l tou nwa l santi l ap fou
èks li tounen ap di l damou
fè l kwè l pa menm moun nan ditou
an menm tan tou 2 twa ajans t ap kontakte l pou mànkina
ofri li opòtinite pou l fè ti kòb ak on kontra
li santi l pa ka konsantre ki vin lakòz li pa sou sa
e nèg la menm ap jwe sou sa ofri l viza pou l al viv avè l

كلمات أغنية عشوائية

اهم الاغاني لهذا الاسبوع

Loading...