kalimah.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

malada – mo kle كلمات اغاني

Loading...

mo kle lyrics
kle pou ouvè pòt
mo k antre nan lòt
sa klè
m satiyèt ou
tèk!!
teke w nan kòt
pèdi w
rale w nan kòd
redi w lage w ankò
pou m ka touche nanm ou
m oblije pase nan kò w
m ekri pou m
fonn nan tan an
e pou m flay nan van an
sou kèk ond m ap kadanse pandansetan
balanse son an
pou m ka panse non an
si w wè m leve ton an
se pou m ka lanse plon an
tankou defwa
m konn santi l s on devwa
si g on bit ban m mete vwa
ou p ap bezwen di m sa 2 fwa
m rap detay
se konmsi flo yo debraye
sou bit m ap voye fay
se tankou m te tou deraye
m g_ye m ap paye
poze twòp m ap kaye
m ap gade m ap tate
pou m jwenn yon pòt pou m rantre
m gеn mo kòm kle
nenpòt tou m rantre
nеnpòt kl!ck nenpòt bit nenpòt mc m apre
m gen flo m rape
si gen fot raple m
lavi a toutouni rap pou m abiye l
lespwa pèdi ekilib m jwenn mo pou m apiye l
reyalite a tris mansonj yo makiye l
reyalite g poutan s ak mo nou fabrike l
m gen mo k dou ki ka pwovoke pi gwo dram
mo k lou ki peze milyon kilogram
ou vle pil flow, rhymes
just pase mikwo sa pou m krache kèk tankou s on melodi mozart
rap mwen fè w souke tèt men anvrè li vize kè w
nou ka abite lwen men pwezi fè m abite prè w
efò n fè pou pote ba w yon flow ki fini
pou n pot yon rap ki rafine yon pwodui k fèt e founi
anfèt si w feel li fò w kwè m transmèt yon feeling
n ap met pasyans nan chèche mo jou k nou rale trip foumi

m pa t bezwen kenn aksè pou m rap
m te vle fè l avèk moun pa m
m anvi rantre nan kè nou chak
avèk kèk mo m ka tou stab
on nouvo vi tou
n ka tou stat
s i wè m pral vit
ou ka di m stap
yo di nou fit
nou ka f on pak
kouran an ini nou l pa fè spak (ow!)
vini isit pou filin
founi n funny sh_t pou fini
hip hop p ap gade sou figi n
depi w di wi se ke w fil li
yeah
kèk kwen yo fè kwè
m bon men yo fèk wè m
s on bonm epi m fè l klè
s on don w p ap ka fè kwè m!
m ap ekri jouktan m fè eksè
boule bit yo eksprè
plede manche plim pou m fè rim la m s on ekspè
yo w konnen se pa esè
a chak track se eksplwa
ou renmen sk!lls ou tease
a chak fwa se respè
nou g on jan n poli mo yo swa
si w gen foli pot yon pwa lou
mete rap sa sou zepòl ou pou l tou kraze omoplat ou
yo nou gen sekrè pou n pale pou n ta fè bawon ouvè pòt
men la silans nan se mo kle a yow you better shut the f_ck up

كلمات أغنية عشوائية

اهم الاغاني لهذا الاسبوع

Loading...