kalimah.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

malada – ba l tit pou kò w كلمات اغاني

Loading...

ba l tit pou kò w lyrics
plimwèt pyafe, ak kaye
f on bèl triyo
m voye mo jwe antre yo
pwoche zòrèy tande kri yo
bri flo yo naje nan kè w
motive w nève nan pè w
ouvè je w kale l fè wè w
montre w ennmi an gade l ou bèw
nan rap
m kanp an fratènite pandan
nèg ap batay pou patènite
li klè m ap lite
menm si vi m menase
(yo) m p ap pè ni kite
si w panike m
m ap pèsekite w
tande bri pyem
k ap mache vin pre w

iwonize w ak bravo
montre w pa vo ak bravou

sou dèlma n fòk opresè n
fè kè yo bat
deplase pyon efase sa nou kwense wa echèkemat
raple yo jan chat mache pa janm konsa li kenbe rat
yo fè nou peye frekan
n al pran monnen n nan delimart
lank mwen se sa l
ka remèt
paske m gen soufrans kòm remèd
m fè dap sou sa m p ap remèt
ni pi devan m p ap regrèt
leta p ap regle on mèd
se blanchiman biyè vèt
yo jwenn milyon pou fè fèt
yo bann petwo a kòm dèt
yo k genyen
yo k pou fè pèt
yo se chèf yo se sèl mèt
pèp souvren an kanpe rèd
nou te fin fèl man nou fè l nèt
n ap met 6_7
nan plas makèt
si wè m sispèk
di m sa k ap fèt
gran piwèt pou w pa parèt
anndan pasrèl la se pi rèd
m pa gen si lontan nan rap poutan yo wè m vin tou ansyen
m pran l senp
m rap pozisyon m
pa di viv pou anyen
se sijè k ap manyen
donk m gen lirik pou m pran swen
flo m yo p ap pran fen
kwè m mo yo vini tou ansent
respirasyon m vin an san donk chak ba s on ba l nan kè n
enspirasyon m vin an ven enben bon trak an karantèn
m pa di pou m mennen tou rap pa t janm on bak
non plis pou m vin trennen tou non fè rap pa t janm on bak
pandan n ap kritike fòm batay la pèp la fon an
nèg a vès restavèk tanzantan k ap foure yo pi fon
pi fò pou m pa di tout
sou do mizè w y ap kòche w
yo fin vann ou y ap fòse w
y ap byen soufle w y ap mòde w
pran pòz moun fò nèg save bon kot sa n pa devlope la
1804 pat kòve men sanble nou ret kole la
ann wete fatra la
tout pil minis
k ap bay kana
pa gen jistis
fòk sa kaba
kot kòb petwo a bann mafya?

كلمات أغنية عشوائية

اهم الاغاني لهذا الاسبوع

Loading...