kalimah.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

kanis – espas كلمات اغاني

Loading...

m santi m tris
men konsyans ak santiman mwen konplis
m konnen m gen tò, raple m tout moun mwen fè enjistis
pou tout kè m konnen mwen kase
mizè m fè de moun pase
tout bon souvni nou efase
m swete n ka met sa nan « le p-ssé »
m tankon w vag
m poko la m gentan kite
on jou m rale l, on jou m lage l, on jou m poze, m ajite
epi m bay vag
wi se vre
twòp opsyon m pat konn sa m vle
m te gen foli, pran pòz pleyè, fè tout nèg yo fè kòve
kounye a se kama, m pran nan drama
lanmou fè m kouche anba dra
gad kijan mwen pran nan traka
m tèlman pase yo tout nan fatra
flap, m pran frap
epi m wè m lanmou m te fè bak
on ka syèk se te yon etap nan vim kounye an m met pase m nan yon sak
santiman mwen ap jwe lago kache avè m
tout efò m fè, konsyans mwen ap goumen avèm oh
menm si w pa kwè m mwen vle di w tout sa ki nan kè m
santiman mwen kache ap jwe lago kache avè m
de twazè nan maten m sou balkon m ap panse a ou
panse ak tout sa m t anvi di w
m pa pè di w mwen pè pou m pèdi w
e si m pat care
kwè m tap di w tout sa w anvi tande
tanpri cheri pa tante m m gen move defo, m son w danje
èks mennaj mwen pa pale avè m
kominikasyon nou koupe

li te vle travay relasyon an
men m pat janm gen tan m te okipe
ti erè fè gwo efè, twòp ògèy m chaje feblès
m fè mizik pou m jere strès
m ret poukòm pou m pa fè vye jès
e m pa fè pèsonn konfyans
m te bay tout bénéfice du doute
kounye a mabout, bout
kenbe kòd la kout
m tankou makout
nan sans yo tout entimide
eskize w men m pap bliye
men imilyem
konnen m son w balans lespri m ekilibre
santiman mwen ap jwe lago kache avè m
tout efò m fè, konsyans mwen ap goumen avèm oh
menm si w pa kwè m mwen vle di w tout sa ki nan kè m
santiman mwen kache ap jwe lago kache avè m
pou mwen lanmou m te domine
si w pa gen zo w pase w kanpe
mwen pat gen tan, m pat pèdi tan
avèk gason mwen pat ret tann
kounye a mwen bezwen lanmou, mwen bezwen afeksyon ak atansyon yeah
kounye a mwen bezwen lanmou, mwen bezwen afeksyon ak atansyon yeah
santiman mwen ap jwe lago kache avè m
tout efò m fè, konsyans mwen ap goumen avèm oh
menm si w pa kwè m mwen vle di w tout sa ki nan kè m
santiman mwen kache ap jwe lago kache avè m

كلمات أغنية عشوائية

اهم الاغاني لهذا الاسبوع

Loading...