kalimah.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

k-lib – petr’opozisyon كلمات اغاني

Loading...

se pa politik
fas ak yon krim finansye, koripsyon, ou pa t atann mouvman an t ap “petroactif”
ti lolit
m pa t ap mande petrocaribe si w te kanpe lè koperativ

lajenès pran petro pozisyon
moblizasyon petro obligasyon
pa di m se ranse w t ap ranse
se pa toutan w ap ka fè n danse

nou p ap chache kont
sèlman n ap mande kont, koudèkont pou l al verifye eta tout kont
mal pou wont
propagann pa kont, al di patwon w li anreta kounya pèp la gen mont

nou se 10 milyon k sp viv ak 2 dola
yo se kèk santèn ki kenbe 3 milya
son w bann ak yon pakèt ti vòlò sal
k ap kase ponyèt ti malerèz kwabosal

nou bouke
wè fanm entèlijan k pou pase dwe konte devan vagabon pa kilomèt
nou fout bouke
wè jenn gason k ap soufri e lè l pale yo rele l ti egri si l onèt

kòb la nan bouda w mizè a nan bouda m
aprè w vin ak bèl machin vin file fanm pa m
se sou non nou tout manje a prepare
yo pa menm kite n pran sant lè l ap separe

yo bann 10 vèsyon
sa k di se pa yo lestomak glise kou lalo k ap kriye k ap pran pòz rizyèz
san fè divèsyon
si yo te envesti nan sante ak lekòl raketè pa t ap fè n bwè pinèz

kretyen fò n mande si legliz pa konplis
sonje! jezi te wonfle tout vòlè k te fè tanp lan tounen biznis
delivrans n ap mande bondye toutan nan jèn nan li te ban nou l deja
li te voye 3.8 milya dola men l tonbe anba grif djab la

li pa ka konsa
pou apre on sèl manda on prezidan ayisyen gen kòb pase “georges bush”
on peyi pòv konsa
pou gen 100 minis k ap deside pou sèlman 1000 pòch ak 10 milyon bouch

ap kòb ki te dwe devlope n yo fè 2 bouche
jenès anvlope tout kote ap chache debouche
doktè n ak enfimyè n yo pa ka touche
madanm pa yo lòt bò dlo y al akouche

nou pa ka dakò
pou se nou ki viktim epi se nou ki pou bese tèt nou lè nou wè w
sa a se twòp atò
depi pèp vle leve tèt pou w ap pran pòz “monter au créneau” pou w fè moun pè w

klas mwayèn nou te fè twòp tan bra kwaze
enterè n ak klas popilè te toujou kwaze
tèt nou gen cheve e je nou byen kale
lavalas p ap pote n ale koz nou byen plante

pandan n sou menm bato
pou chak matlo ak goyin ak mato tout vle pran on moso planch
ayiti pa gato
chak grenn politisyen pa ka gon w kouto pou separe li pa tranch

palmantè k sèvi ak vòt pou yo fè kòb
tan pou yo sèvi enterè pèp ki te ba yo vòt
si n kite pèp leve p ap gen fòs de lòd
nou pa nan kòb oubyen kòd se kòb epi kòd

nou pa nan nepotis (nepotisme)
pou depi yo vote w ou nome w nan leta tout zanmi w ak fanmi w tou rich
bann egoyis
ou rele l bon prezidan se pa pou ayiti, men paske pou ou l pa t chich

m felisite lwayote kèk atis ki sou lèy
martelly se pou kèk atis sa aristid te ye pou site solèy
si n te bay pèp mwayen pou l fonksyone konsome
zèv atizay nou pou atis nou yo t ap sispann mande

كلمات أغنية عشوائية

اهم الاغاني لهذا الاسبوع

Loading...