kalimah.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

k-lib – pandan n ap tann كلمات اغاني

Loading...

èske l vin rap, oubyen èske m vin batay
repons m poko ap bay, sèlman m f on lòt bag_y

pou tout sa k t ap ret tann
k_lib rapè ak nanm
karyè m dèyè m devan n
prensip yo m ap defann
benefis dout yo ban m
m vin ak rap pou revann
kèk bon bit pou w detann
sa a s on jam session ret tann

s on jam session nou mèt tann

respè pou fan ki ret konekte ak mwen sou entènèt
sa k te rete fidèl sou twitter nan tèt a tèt ou tèt pou tèt
ak tout sa k sipòte m on gwo mèsi ak tout senserite m
verite m se sa k fè pleb mizik sanse k merite m

gras a nou m ka di m pa t gen yon fake siksè
nan met plis kè nan tèks mwen sa fè m jwenn plis kè
ayiti ayisyen nou se yon sous enspirasyon
nan fason n bouske solèy malgre san satisfaksyon

ou mèt rele m mawon m ap retounen menm si m pran lafuit
ak onksyon bawon on bon jou jedi nan fon lannuit
move lawon se yo k pouse do m èske w te konnen
kantite lespwa k pati yo pa t menm kite boujonnen
sou papye inivèsitè pwofesyonèl yo krache
dèyè tout dyaspora g on istwa papye k kache
albòm sa vin pwopoze n on rewind
we ride with the real pyelila ban nou design

plezi nan kè sote pwezi san kanpe
krezi san danje gras a jah malgre dlo nan je
de tout fason mwen ak ou se 2 viktim
de on team kowonpi k legalize krim

ouragan move lavi fè m viv separasyon trajik
kèk nice beat dice dedy ak ben ki fè vi m majik
sou broadway yo mande m alyennkat kou manno chalmay
se foulay men lè l di w l ap benyen nan chanpay

m viv lanmou nou nan lapenn mwen gras a wid
si m pat fè l ak nou tout franchman m t ap santi m vid
m s on graten konsa n ka wè m tou kraze bak
si n te pran l’apostat pou yon fen now k_lib is back

petwopozisyon s on bonis pou n fè petwospektiv
pou listwa viv m rape yon retwospektiv
k_lib rete k_lib reyalite m pa labib
m ka lib pou pale ak punchline gwo kalib

كلمات أغنية عشوائية

اهم الاغاني لهذا الاسبوع

Loading...