kalimah.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

k-lib – neg geto pa makak كلمات اغاني

Loading...

part 1 [hardcore]
verse 1

msantim hay!!! koum fin pran buzz atis bay
dj shine!!! sou do fanm se pa 2 chay
wòch nan dlo kap chofe dife nan nou
diferan nou rete pandan yo pral bife non nou
mwen nan beef ak yon sistèm mal akòde
sou bit yo mpaka trip pandan trip yo ap kòde
rap ap fè bèl afro devan tèt li rete chòv
lap sot nan povrete poul kapab imilye pòv
se bèf toufe, non li pa domino
mpap mouri toufe donk map dominew
machin gro mak ak yo nan dom ou kite mak
ak kou w banm mak ak tout sa w pranm pou makak

komedi poun bliye petro caribe
konnen nan rap la pa gen k-lib vre
menm lèm konnen pèp pap janm ka lib vre
paske se pròp pit-t li devan pye boujwazi kal livrel

hook

yo bann panye poun brote dlo
yo rich yo gro tout se sou do n
yo fin fè dèt pou yo bann do
yap vòlè yap di se pa yo
men se pa makak ki anndan geto

verse 2

mpa nan rap game, mwen mrap pou tout bon
ou ta vlem fèmen jem pandan menm blan di nou non
ou pap bay pit-t ou koulèv sil ta mandew pwason
pou jwenn pen atis pa pè bay fanatik pwazon
pandan l tap ede pèp se pimp li tap pimp
kounya pou jere dèt yo ogmante kòb tenb
jenès gonw grangou kap mate li
malgre li l’lage lal chili
msezi wè ke lè li vle chill li
pran matelly pou jwe pou li

nou plen entèlektyèl nan li ak konsèp
men se entèl aktyèlman ki konn li mizè pèp
lè sant pete lamizè tounen pafenm
sèl lame mkonnen k’pap kraze grenn pèp se rockfam

pa dim nan geto gen bandi pandan nap amel olye
n kreye mwayen pou kondisyon lavil amelyore
etidyan ap kraze bèt nan pil liv
bèt yo rete nan beleive
trèt yo lage nan gildiv
tèt yo pa menm kapab live…

part 1 [trap]

intro

atis ap bay bòz
media ap limen l
dj ap bal tòch
piblik la ap fimenl

hook 1

atis ap bay buzz
dj ap bal tòch pou limenl
piblik la menm hay!!!
leta mèt vòlè nou pa may!!!

verse 1

piblik pa dèyè atis men moun kap bay buzz nan moman an
rete dèyè ou pap sis si tankoum ou pa on moniman
beef? (kibò sa) sonw ti chalè yo mete nan rap pandan woulibè ap freeze
oh please!!! pèp la pran tiz bliye tout kriz pandan telefòn nan menl se zam yo itilize pou friz li

anbaw nou wèl
100 goud sou telefòn nan mgentan pa wèl
nan chak riyèl ou mete yon pè nowèl
di ti jiji sèlman laa l ka fèl

kès leta pran frap e li pa vle pran taks nan men boujwa ak nan men shalom
moun yo mande bon rap men yo pa vle bon tèks men vibe pou yo ka fè chacha

lòm ne vivra pas seulement de pain mais de la parole postée sur facebook
poukiw mandel poul pandan l pat anndan saw te ba li se fouk

(pèp la pa care)

vlopel marel anterel nan on vye nat
kòm si mpa vle yo antere m pandan map dòmi fòm bat kòm

hook
kreye buzz!!!
ba yo buzz!!!
fè yo hay!!!
wi yo hay!!!

atis ap bay buzz ap bay buzz atis ap bay buzz
dj ap bal tòch pou limenl dj ap bal tòch
piblik la menm hay!!! wi yo wi yo hay!!!
leta mèt vòlè nou pa may!!! non non nou pa may!!!

verse 2

mpa nan beef ak atis koz yo pa ka manyen fanm mwen
men map beef ak patron ki vle pilonnenl anvanl bal defann on 2 gouden

si yo te bay ti frèm nan chwazi ant ale lekòl avèk nan pwogram
li tap ka fè tou lè 2 sof nan lekòl fòk yo mete bon program
yap imilye nou lòt bò dlo men nou paka
ale nan peyann pou yo…
peyizan vann bèf achte moto li pa nan plante yanm pou yo…

gen doktè ti bwa ak enfimyè gran ravin
m santim lèw di yo se bandi tankou viktim
san tim tim ou konnen zam pa vann 50 santim
pa vin dim ou pa konnen krim pa fèt san team

map gade ti sèm nan ki fè yon aksidan ki fraktire nan lòb oksipital
sou wout yon livrezon nan bouda yon moto ki tronpe adrès k al fini lopital
siksè m antan k atis pat ka sovel pa doktè ni materyèl medikal
lanmòl pat fè bri koz li pat gen non nan silans nou mvin met ti kal

outro

ps: pn (palè nasyonal) pa vin kk nan kwim…

كلمات أغنية عشوائية

اهم الاغاني لهذا الاسبوع

Loading...