kalimah.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

k-lib mapou – tèt a tèt كلمات اغاني

Loading...

tèt a tèt lyrics
[1e vèsè : k_lib]

m vin fè yon moso listwa
reponn prezan pou listwa
m pa vle bay defèt viktwa
m tounen vin fè kout pikwa
si w pa p ranpe
siksè ti nèg nwè se nan sine
m te f on kanpe
lè m konsyan koulè m menm ak frank sine

pase m te paktize ak bandi m te pito pati
m “still” ap rap pou ayiti menm lè enpak la ta piti
m kreye posibilite pou m peye kredi “bill” m lite
m genyen vizibilite fò m kenbe kredibilite

[2èm vèsè : k_lib]

m transfòme m an lyon depi lè m sispann kwè nan sòm 23
m sispann pyon m sispann krache sou rezon janvye 23
se ou k kreye konviksyon w
siviv pa yon kesyon de chwa
batay pou w chanjе kondisyon w
mete men mеte vwa

22 zan nan rap m finalman dekouvri kiyès ki mwen
m te nimero 1 rapè k pa t janm di w l se nimero 1
jan m te pwomèt nan rap salad nan djwèd mwen m manje plis ke 2 très
ke apèl an detrès, deyò mwen t al jere strès
[3èm vèsè: k_lib]

se pa t pou pòs, ni pou kras
si rap mwen son w mouvman sosyal
ak fòs ak konsyans de klas
m pat antre nan tout voksal
hiphop se zam, li banm yon “carrière de sable”
m al konstwi tèt mwen kay tonton sam, rele m jean baptiste du sable

pa gen ayisyen san batay donk rape pou sa chanje
koyeran se lèm ka gade w dwat nan je e m ka manje
lavi trennen m atè, mizik mwen ret tèt drèt
si siksè leve w anlè, pa kite l fè w trèt pèp

[4è vèsè : k_lib]
tankou yon zetwal k_lib la pou nou, men k_lib la pa pou nou
sansibilite m pou nou ki sanble m se sa k fè m moun tou
k_lib pa yon mask pou m kache peche
pwodwi l fè anpil tèt fache
ak phtk l te ka gache
men l lage nan mache chèche

m fè diskisyon m pwan pozisyon piblikman donk m fè politik
m fè pwopozisyon nan gwo emisyon nan mikro fizikman ou nan mizik
m pa bezwen kandida pou m fè
kritik pa vle di bon lidè
lè militan m bezwen m a lapèl
m reponn prezan tankou militè
[ 5e vèsè : ludas]
m te pwan kèk nèg pou gwo rapè jouktan w fè m fèmen bèk anm
fè transvèsal ak “hip hop” kòm “og” m ka rele w “beckham”

ou vann rap sou yon fòm
ou pa pran gan w pa pran lòd
men yo mete w sou kote pou w pa fè bri sou “bill board”

ou son k_lib k ap tire bon pawòl
nan men jenès wete dwòg, ak alkòl
sot nan boutèy anlè malgre rekò l
ak albòm l’apostat ou fè lekòl

“i said thanks god” 2015 ki te mete w sou wout mwen
lè’m t ap presipite ou te montre m jere souf kout mwen

pou m asire larelèv 2017 ou sede m “mic” ou
2 zan apre an bon elèv ou fè m pataje sèn ou ak youss

kounya m ap “drop” sou albòm ou
“haters” yo pral jalou
pou jan fanatik t ap tann ou
yo tout dakò w s on w pwa lou

ou f on krèm rap e sak fè m pran w kòm idòl
pou m pa janm chanje koulè rap mwen, ni fizi m zepòl
si apre 22 an karyè pwoblèm nou “still” anpeche w dòmi
angajman w s on w egzanp pou nou swiv, olye de rèv foli

كلمات أغنية عشوائية

اهم الاغاني لهذا الاسبوع

Loading...