k-lib mapou – istwa papye كلمات اغاني
istwa papye lyrics
[1e vèsè : k_lib]
ti papouch grandi nan yon fanmi rigwaz ak diri
se sa k te lanmou li te pati al chache lakay zanmi
yon zòn jèn ki pa pati mouri oubyen tounen bandi
lavi di, santi di, manti tou piti l te gentan santi l
dèt sou tèt anvan l fèt ti papouch t on timoun pwomèt
papa l fè l konnen sèl chimen lekòl k ap fèl gen yon non
renmen bondye, travay di, ret yon malere onèt
pandan y ap fè l louwe bèl dekouvèt kristòf kolon
li klè nan tèt li sa k te ka sove l se papye l
li mèg li lèd li te sijè fawouch sou katye l
li pa t fouti dòmi tèlman l gen gwo rèv
travay sou diplòm li, pase tout eprèv
malgre tout eksplwa l, blokaj pou koulè po l
anba je l nèg k ap fè papye se nan pase kilo
malgre l ret ak lespwa, chay ap monte sou do l
moun li ka mande prete pa mеnm rive filo
[refren: eddy francois]
lespwa k ap mouri sou pye
nou dwе tchovi yo verite
limanite san mounite
manti sou yon bout papye
(2 fwa)
[2èm vèsè: k_lib]
pandan l pat janm sispann kriye sou papye
apre kèk ane, papye, tan tout pase anba pye
sot gran lekòl “de pensée” pou l dwe tout machann manje
l oblije repanse plan an oblije chanje
li ret yon sèl zèl kat se blije fè zèl
bouske siksè li pra l pran on gwo chòk vizyèl
yon kote fò w gen papye pou w ranmase fatra
yo ka rele w san papye menm ak yon doktora
papye pou valide lanmou rele maryaj
papye an echanj de lanmou rele paryaj
premye fwa l pa pè reve l jwenn souverènte l
la a menm si l ta kreve omwen l sove fyète l
ti papouch t on senbòl, tray yo te reyèl
lekòl lakay se blan ki doub ou leve
kay blan l vin chèche papye pou l siye dèyè l
li “le capital de marx” nan yon bmw
[3em vèsè: eddy francois]
nou tout se deplase nou ye
se solèy nou tout ap bouske
si lakay pèdi lawouze li
anvi viv ap leve pye li
pa gen baryè pa gen lwa
ki kapab bare lespwa
lite pou n avanse
mache poun pa tonbe
outro
se pa t lanmè k te janm kale bato
nou koupe latè k on gato
sa k ale sa k ret nou nan menm bato
كلمات أغنية عشوائية
- jimmy the handsome › jimmy the handsome – la maldición de garcampo – outro كلمات اغاني
- razzberrie › razzberrie – coloring كلمات اغاني
- maxi priest › maxi priest – bridge you burn كلمات اغاني
- dallet band › dallet band – bye bye middle class blues كلمات اغاني
- becky hill › becky hill – last time (ps1 remix) كلمات اغاني
- benjamin bock › benjamin bock – god is smiling كلمات اغاني
- good juju or bad juju › good juju or bad juju – seasons كلمات اغاني
- yvesxo › yvesxo – swipe كلمات اغاني
- carlos sanches › carlos sanches – estação em estação كلمات اغاني
- electric starlet › electric starlet – unlimited كلمات اغاني