kalimah.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

ja-m enigmatiq – zetwal dèyè sole كلمات اغاني

Loading...

[kouplè inik]
sirius rhymes,zetwal dèyè sole
lè lalin plenn l’akouche m’ kòm bèt lèm move
m’fè track sa ak pye m’ sou tè but tèt mw nan nyaj la
ja_m enigmatiq nèg kap fè game maj la
m’sele nan kalfou 4 game l’an tout sak tounen
bourik deja
k’kouri deja ,lè beat la resisite m’ la k’ mouri deja
tou kite sa
pa kenbe mic siw pap fight pou rive la
m’viv de sa
fòw pile wòch boukannen pouw pile la
mèt tèt tounen valèt devan pòt tounen dèyè kay
siw pat tande m’ se paske m’ te fon poze dèyè vybe
gen sak mande pouki m’ son zetwal ki paka briye la
poutan se kote mw ye a twòp je paka rive la
m’son foumi yo bezwen wè k’toujou ap travay nan tenèb
mpat janm chwazi fè rap nan sousi pou non m’te pi selèb
men pito pou viktwa hip_hop
se pa t yon kesyon de seza
se pou rap te ka fè ekla
yow
si se pou defann rap map mouri mic a la men
pou sak vle l’ dead pou enterè m’wè foul la bat men
espas tan sèl limit mw se physicalité
m’gon lespri ki pran fòm matyè ke physique ka lite
sim kanp’an kreyatè nan rap se pa paskem’ pa zetwal
sim vle van poum al lagonav se pa paskem pa met vwal
still underground aprè 2 deseni san foli vedèt
san egri sak blow up sou mw la san foli refèt
mpa bezwen télescope poum’ fout fè astrolorim
m’do g’on rim ,hmm dogon ri m’ poum’ fè sak holorim
chaje rapè bò isi k’ta dwe nan literati lakay
men domaj nou g’on pèp menm de pwòp tèt li li pa mind
sak’ konn li mouri pòv isi
powèt mouri mandyan bò isi
lavi n’kale kou grenn chen nou tout konn kibò l’ gade
zetwal file sou tonbo sila k’ konn kibò l’ prale
powèt ki pale l’ tou nan djèz
plon g_ye mo sa k’ tou nan tèt

كلمات أغنية عشوائية

اهم الاغاني لهذا الاسبوع

Loading...