kalimah.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

d-fi powèt revòlte – zetwal yo konn etenn كلمات اغاني

Loading...

[kouplè 1]
nou te gen lavi a devan n, te pote espwa
anyen pa t ka bare n, pakou n sinonim eksplwa
men domaj domaj anpil rèv mouri nan tiwa
avan stan, anndan patwouy fò m di w m te konn tira
li etenn, dlo je m koule pandan m ap ekri sa
rim mwen yo pa sifi pou dekri trajedi sa
yo ale san yo pa menm briye
ki moun anndan castro ki pa t reve wè josué tizè nan nba
getoyout pa pran chans li
konbyen talan k gache
djelems, ti ben, nickson, sansi
fò m diw anndan geto a, nou gen galaktik nou
avan m te touche mic la, mwen te fanatik tou
an vrè m pa ka eksplike sa k te sèvi baryè
m vin konprann ou ka gen talan men ou pa rive fè karyè
pati etensèl, menm syèl yo pa rive atenn
si chak jou on zetwal fèt konnen chak nuit on zetwal etenn

[refren]
nou te mete espwa nan talan yo men yo koule
avan menm yo kanpe, move tan toupizi yo
lè solèy la leve, nou wè rèv yo k ape file
avan nuit lan tonbe, barikad yo jennen yo
zetwal yo konn etenn

[kouplè 2]
san mele kòman pou m di ou pati twò bonè
game nan tap manje w tou li pa gen kòd donè
15 zan, m pa kwaze talan tankou ou, bèt nan freestyle
move kote nan move moman, mwens ke 6 bal
talan nou yo nou dekouvri yo nan ti sourit
nou pa gen the voice, nabisan kote ti woudi
m regrèt talan l pa vin fè m kwè la se paradi
m pa konn koz la, sa k di dwòg lòt di se maladi
m ap panse ak tifi sa, m evite site non l
men se mòd timoun nan lekòl yo te di se bonm
anplis de doktè l te reve vin on top modèl
15 an apre l ap jwe vi l ant twotwa ak chanm otèl
anpil talan mouri anonim
m ekri sa pou di yo pa t fè on pasaj a vid menm si ou pa refè lavi ak on plim
pati etensèl menm syèl yo pa rive atenn
si chak jou on zetwal fèt konnen chak nuit on zetwal etenn

[refren]
nou te mete espwa nan talan yo men yo koule
avan menm yo kanpe, move tan toupizi yo
lè solèy la leve, nou wè rèv yo k ape file
avan nuit lan tonbe, barikad yo jennen yo
zetwal yo konn etenn

[kouplè 3]
genyen ki vini ki jwenn on ale senp pou syèl
ki refize briye ki konn rès la se pousyè
genyen ki refize glwa paske sa pa sanble l
siksè divize, pandan tout lide l se te rasanble
li vini li wè li pran plezi l, li fè sa l kapab
l ap ret on souvni panse ak li lè w gad syèl la chak swa
pati etensèl men syèl li refize atenn
si chak jou on zetwal fèt konnen chak nuit on zetwal etenn

[refren]
nou te mete espwa nan talan yo men yo koule
avan menm yo kanpe, move tan toupizi yo
lè solèy la leve, nou wè rèv yo k ape file
avan nuit lan tonbe, barikad yo jennen yo
zetwal yo konn etenn

كلمات أغنية عشوائية

اهم الاغاني لهذا الاسبوع

Loading...