kalimah.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

d-fi powèt revòlte – reflè m كلمات اغاني

Loading...

[intro]

(m ap chache mwen nan mwen)
se toujou kronik on powèt
(m ap chache mwen ou)
on powèt ki sot castro
(m ap chache mwen nan nou)
on powèt revòlte

[kouplè 1]
m ap gad reflè m a travè mond lan kòm si l t on miwa
piramid negriye mwen m mi_esklav, mi_wa
nwa sou blan met verite m rasis kou b_art
m prefere se ke genyen kòb pa suiv kòbiya
lank pran vijinite fèy mwen
pou bay pwezi dous ou anmè
dèfwa mrap ak kè m, dèfwa m rap ak fyè l mwen
rim apre rim vi m jwenn ekilib
mwen se a travè on plim pa a travè on jwen ke m vin lib
trayizon k touye konfyans m evite damou ev
de peur pou sa ki pral matlo m nan l pa koulèv
tout de même, fas mond lan twonpe m tout nèg ak rèv ap fin kou martin luther king m ap tann yo plonbe m
koute agoni m
poze sou yon sample
suisid mizikal mouri lantman lè m koute vwa lauryn(lauryn hill)
m bouke wè djab la lè m gad reflè m
sou yon fèy blanch m vin refè mond lan avanl refè m
[refren]
m ap chache mwen nan mwen
m ap chache mwen nan ou
m ap chache mwen nan nou
m ap chache mwen nan mwen
plis m ap gen emosyon m ap pèdi mo
plis map jwenn d_fi m ap pèdi rhod
m bouke wè djab la lè m gad reflè m
sou fèy blanch m vin refè mond lan avan l refè m

[kouplè 2]
m ap rap je fèmen sa kap gide m se kè m
e paske pi enpòtan se pa gade men se wè
l’émotion est nègre? t’inquiètes je vais faire avec
voltaire te esklavajis sa pwouve twòp limyè rann avèg
et ouais reyalite lòm rann kè m krispe
gad mond yo a, lè relijyon ap pale menm kris pe
eklipse menm nan kè limyè
kòman pou m espere on lòt prentan lè m ap viv en plein faits divers
10000 vers paka soule pèn mwen
santiman derasine , c pa j’aime sou facebook k ap soude kè mwen
twòp melankoli sou lèv mwen
tren de vi mizerab pou m sòti mize rap m’ mize sou rèv mwen
men mwayen yo minim nèg
distans ki separe m ak lanmò pa plis ke 9 milimèt
lari pini m nèg fè m wè djab lè m gad reflè m
sou yon fèy blanch mvin refè mond lan avan l refè m
[refren]
m ap chache mwen nan mwen
m ap chache mwen nan ou
m ap chache mwen nan nou
m ap chache mwen nan mwen
plis m ap gen emosyon m ap pèdi mo
plis m ap jwenn d_fi m ap pèdi rhod
m bouke wè djab la lè m gad reflè m
sou fèy blanch m vin refè mond lan avan l refè m

[kouplè 3]
kijan pou mo m chanje sa lè se soud ki à l’écoute mwen
nan abim se a on mancho m ap mande kout men
m vin reklame jenès mwen pandan yo gentan pran avni m
fòk saahmie(r.i.p) te jwenn lanmò pou m te ka byen konprann lavi
rèv rann nuit mwen diferan men jounen m ret menm
pou m touche syèl bezwen moral pastè past ke menm
kouman pou m jwenn kay god si map mache sou pa demon m
a kwa bo. pou m fè on hit si mpral fini kou soupa deno
m touye rezon m chak lè kè m vle pale kilpabilite ap wonje m, m kache dèyè mizik pou m devwale m
on sample on vyolon ka a mande tris
se kwonik on powèt vyolan kap mande peace
m pa rebèl
jis on viktim, jan l ye a m deside viv vi m, m mete l an pwezi pou l parèt bèl
e paske mond lan se reflè m
donk refè l mennen fòseman a refè m

كلمات أغنية عشوائية

اهم الاغاني لهذا الاسبوع

Loading...