kalimah.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

d-fi powèt revòlte – mond yo a كلمات اغاني

Loading...

[kouplè 1]
ak rap mwen m louvri on fenèt pou m gade mond lan
“so much thing to say” kou bob avan m jwenn tonb lan
chòk se lè m li bouira se lestomak
on timoun douzan k resevwa bonb lan
m pa pi konsyan pami atis yo
men m pa ka ret endiferan lè anfas la moun ap manje tè ak siwo
m ekri sa k touche sansibilite m
e paske yo di m gran pouvwa mande gran responsabilite
yo di m, ennmi lapè se machann zam
yo fabrike l, fò itilize l, yo fè lagè paske sa rantab
se reyalite ak tris, mizik mwen se reflè l
m te panse refè mond lan, la m pè pou mond lan pa refè m
m wè timoun tounen komès
kay bondje yo a, pè beni bouda annfann kè apre mès
m fèmen sou mwen menm, se pa yo k pou pale m de moral
paske mon de rèv yo a se kochma n

[refren]

[kouplè 2]
mond yo a fè m pè, pri n0bèl lapè nan men kriminèl
sèl nan tele m wè lavi pi bèl
masakre tout on pèp
demokrasi kòm alibi
dwazimen fèmen je l sou sa k ap pase libi
se pa de sa medya yo deside pale
se konsyans nou k separe n ak bèt se pa mediterane
pi pre m, kochon ap manje moun lasalin
gen ki endiferan a sa men k choke lè yo kraze kèk vit machin
endiyasyon selektiv, se betiz
youn nan pi gwo mal k ap ravaje n se legliz
yo maske krim
mond yo a se pa “alice aux pays des merveilles”, se ahed tamimi a palestine
depi se kont enjistis chak zak
konte menm si pou chanje sa li p ap sifi sèlman gen on ashtag
mond yo a se pòch plen, kè vid
sou yon rivaj, aylan kurdy
[refren]

[kouplè 3]
m wè yo asasinen tout sa k kanpe pou lite
nan mond yo a m wè imen, m pa wè imanite
sou tèt mwen m fèmen, kot longè jip on “femen”
choke plis pase milyon moun k ap mouri grangou yemen
kochon ak moun se menm kote yo rete
nan mond yo a, yo pito konbat pòv nan plas povrete
trafik timoun, esklav seksyèl
pran tout byen latè, tout sa yo ba n kòm espwa se syèl
milye moun yo ekzekite san pwosè
on bonm pou efase tout on vilaj, yo rele sa pwogrè
se jenosid nan endiferans total
depi se nan avantaj yo fè lagè a nòmal
frè, mond sa pa pa m
avan l refè m, m ap fè malèt mwen, pou m al jwenn papa m.
mond sa, si m te dwe fè tablo l
se t ap “les intouchables”, erik ravelo

كلمات أغنية عشوائية

اهم الاغاني لهذا الاسبوع

Loading...