kalimah.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

d-fi powèt revòlte – lòt bò baryè a كلمات اغاني

Loading...

[refren]
m chwazi mond mwen, nan mitan sa yo bati ban mwen
m kwè nan rèv kenpòt si isit yo mouri san grandi
tèlman gen melodi ki depase briganday, m pa twò jwenn modèl, m eseye youn mwen menm
m fè chimen mwen, pa gen anyen ki trase isit
m detounen de sa yo te ban mwen kòm prensip
tèlman gen melodi ki depase malveyans
m senpman kenbe lanmou ki donnen nan je ou manman mwen

[kouplè ]
mi yo gen zòrèy, mwen m se vwa koridò yo
se pa san k ap koule nan venn mwen, men se dlo rigòl yo
pou ou byen konprann istwa a m konseye w tounen nan koumansman l
chansrèl, 1991, on katòz septanm
esther akouche m, benediksyon de (2) nouvo marye
e si yo te pati san anyen, se sou lavni m yo te parye
castro akeyi m ak bra louvri, sèvi m bèso
lavi pa janm al kite n, si pa gen plas, n ap pran sèso
byen bonè, m konprann nou tout pa pati ak menm chans lan
te sèlman gen manman m ant mwen menm ak delenkans lan
evite m lari a, mete m sou chimen lekòl
rèv li, nan kenzan, wè m sou biwo, kostime, kòl
pou sa gen sakrifis ki fèt, gen demon k konbat
strateji, mete m nan gwo lekòl, demen m ap gen gwo kontak
kay frè, men byen vit m wè m pa antre nan moul yo a
san respè pou prensip, m t ap mache kwochi kote moun yo dwat
f_ck f.i.c, pou yo m kreten
elèv modèl yo a, ti jeni nan mat, respekte tout règ, kretyen
m pèdi nan de (2) mond, pou geto a m rich
men pou yo, tan pou m te vin lekòl ak bag pito m te vin ak krich
nan fenèt la m t ap gad lavi m, f_ck kou trigo
tout sa k te nan tèt mwen se foutbòl make kèk gòl kou figo
2007 m te menm kwè m t ap pral kore ak labaz
men rèv yo ret anprizone lè castro tounen alkatraz
m pran desepsyon nan vi a, paske m te twò nayif
rèv pou m ekonomis mouri jou m antre nan lekòl dwa gonayiv
m rann kont depi nan depa m yo pyeje m
avan ou di m dejwe, konnen byen sistèm nan k_n_lize m pou m echwe
m mare kanson m, m retwouse manch mwen
lavi a se pou moun k ap batay, mikwo a sèvi manch mwen
m se jenerasyon envensib, m fèt sou anbago
m wè sa k ta dwe sèvi m modèl kouri pran bato
sa reken manje nan dlo, sa k al ogmante brasewòs
m te gen sèzan lè m te kontre ak manifestasyon klowòks
jenerasyon yo bay lasini
sa m viv, zewo tolerans, bagdad, raboto, lasiri
m ba tèt mwen on rezon pou m ekziste
defann dwa m tankou 35 zile, mizik se mwayen pa m pou m ekziste
m ekri sa m viv, e sa m viv yo kriyèl
yèswa ankò, gen on frè m ki tonbe nan on riyèl
dlo je manman n koule k te reve wè n diplome
men n se timoun fwonte, n al fè bab nan simityè, nou fini prizonye
m pran mikwo pa pou fè ou plezi, pa pou krache èn mwen
nan figi on sistèm ki kreye kondisyon pou gache rèv mwen
sistèm sa m vin pirate l
antere leta kou lanjelis, jomo nan rèv mwen kaya pa rate w
ou pa wè moun sa yo k ap dòmi atè devan palè w
jou geto a leve kanpe se jou malè w
jou n idantifye vrè ennmi n, n ap konn kiyès pou n tiye
vrè kriminèl la pa sa k gen zam lan men sa k distribiye l
nou vin reklame jenès nou pandan nèg yo gentan pran lavni n
se menm pwoblèm yo soti castro, pase solèy, gran ravin
menm gè gang yo, menm krim yo
menm doulè yo k ap koupe trip manman n, menm zanfan yo k ap pouse menm kri yo
getoyout sot sou chimen an al kontanple lorizon
lòt bò baryè a gen vi, la a s on prizon
libète yo p ap ba w sa, se pran pou pran l
solidè youn ak lòt se nan linyon n ap jwenn fòs
pa bouke reve se sèl trezò w
konnen si lòd ki etabli yo enjis se devwa w pou dezòd
toujou koute kè w, se li sèl k ap ba w verite
toujou ret onèt, pou tout koz ki jis ou dwe lite
soti ak tèt nou wo
si n pa rive fè sa n dwe fè, nou va fè sa n kapab, listwa a chwazi ewo l

[refren]
m chwazi mond mwen, nan mitan sa yo bati ban mwen
m kwè nan rèv kenpòt si isit yo mouri san grandi
tèlman gen melodi ki depase briganday, m pa twò jwenn modèl, m eseye youn mwen menm
m fè chimen mwen, pa gen anyen ki trase isit
m detounen de sa yo te ban mwen kòm prensip
tèlman gen melodi ki depase malveyans
m senpman kenbe lanmou ki donnen nan je ou manman mwen

كلمات أغنية عشوائية

اهم الاغاني لهذا الاسبوع

Loading...