kalimah.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

d-fi powèt revòlte – levanjil geto كلمات اغاني

Loading...

[intro]
se toujou kwonik on powèt
on powèt ki sot castro
on powèt revòlte

[chorus: elton john]
those who wish to follow me
(my ghetto gospel)
i welcome with my hands
and the red sun sinks at last
into the hills of gold
and peace to this young warrior
without the sound of guns

[verse 1]
levanjil geto a n_gga li pa konn santiman
lè l pran byen li rann mal e l pa fè remesiman
twop paran sibi lisansiman
bag_y yo chanje ti nèg ap pran crack kounya yo sispann rale siman
neg ap envesti nan krim fè n kwè wout lajan san pikan
god tande krim rev kid se bwè san piman
m deja black yo fè kwè k sibi malediksyon cham
glock k ap brake so geto a pa ban m cham
tankou spak m anvi di pa gen pi cool ke pam
men se lè m we frem yo sispann gen vi k pi kout ke pa m
chak jou se zam se dram w pa bezwen vagabon
pou chandèl ou tenyen sa k sifi s on bal mawon
geto a ap koule, ke bondye beni l nan senpati l
gad on manman k ap kriye l fèk g on sen k pati (my ghetto gospel)
[chorus: elton john]
those who wish to follow me
(my ghetto gospel)
i welcome with my hands
and the red sun sinks at last
into the hills of gold
and peace to this young warrior
without the sound of guns

[verse 2]
depi a douzan ti neg ap kenbe douz lan
nan geto a yo fet tou gèrye
pye kout ki te pran devan k t ap di manman yo vouzan
tout sa k te vle premye m we yo tout dènye
gen chwa lari a enpoze sa k te pi cho menm poze
men koze!
sa k t ap fè gè, anpè y al repoze
n_gga pran men m poum mennen w lwen paske vi la tris
ant boz avek glock ti neg ap mennen vi a risk
konesans pa konte jèn fi ap rive si l bay krèk
pa etone w asasen w lan w te konn ba l achte sigarèt
nou vle sot la men di n kouman
tris ilizyon tout manman ta swete pitit yo chanje jan ak koumann
dwog anvayi lari n yo vyolans se pi gwo maladi n
avèk gè gang m ap di yo sa p ap janm paradi
nou gen dream, peace
n ap vanse tòs bonbe pou chak frè ki tonbe kou tira nou vle jwenn jistis
chak kou, chak bri bal, chak krim rann street la enfènal n_gga fè menm ghost pè l
kou shakur m ranpli tout fèy blanch yo ak rim
de castro a grand ravine m ap chante yon ghetto gospel
[chorus: elton john]
those who wish to follow me
(my ghetto gospel)
i welcome with my hands
and the red sun sinks at last
into the hills of gold
and peace to this young warrior
without the sound of guns

[outro]
yon panse a tout nèg geto a detwi
a tout nèg geto a bwaye
a tout nèg ki pèdi orizon yo (d_fi)
e tout sa k pati ki kite l
yon panse pou yo (d_fi)

كلمات أغنية عشوائية

اهم الاغاني لهذا الاسبوع

Loading...