kalimah.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

d-fi powèt revòlte – koulwa lanmò كلمات اغاني

Loading...

[refren]
hmmm
ale moun yo ale
men se pa bondye ki rele yo
2 bra pandye nan on lopital
yo domi leve ak lanmò adjee

[kouplè 1]
yo di m lopital jeneral se la map jwenn bon doktè san lajan
m tou mache ak gan m, se premye preskripsyon y ap ban m
m ateri kot yon ti malez ka pwovoke gwo dram
se lè kanaval yo bay dra
donk m tou mache ak dra m
pa gen materyèl sa koz moun mouri san dyagnostik
medsen sèvis pa vin travay yo pito jere klinik yo
lopital inivèsitè lage sou kont rezidan
livre a li menm, m kwaze yon pasyan k ap mande si peyi a gen prezidan
minis sante siyen kontra ak mò pèsonèl pa ka touche
pa gen kouran se nan flach telefòn moun ap akouche
m vin konprann pou mouri nou pa
janm twò jenn
nan chanm lotbò a on bebe 8 mwa ap trepase pa gen oksijèn
pa gen skanè, nan prive li tèt nèg
manzè mouri sou wout pou yo transfere
gwo lopital la pa t ka fè ekografi kè
se moun leta touye pa di m depi w mouri w antò
depi w antre la w g on pye w nan koulwa lanmò

[refren]
tonbe moun yo tonbe
men se pa bondye ki rele yo
2 bra pandye nan on lopital
yo domi leve ak lanmò adjee

[kouplè 2]
pa gen kabann pandan tout san nan kò l ap vide
pa gen medsen pou pran swen l yo tout te oblije migre
mizè ap vale teren swa siviv tijèn bay repiyans
medsen lage nan rakèt medikal oubyen soutretans
pou soti tèt yo y ap goumen
tcheke on ti djòb nan ong
sak jwenn bous ale yo di nan lanfè a yo p ap tounen
san konte trafik seksyèl
fanmi an prè a tou pou malad li pa mouri
slogan: lè w gen bèl pm ou pa soufri
menm lopital la gen gang li
manzè mouri
kèk minit aprè, timoun nan mouri anndan vant li
ou mèt a latik de la mò depi w pa gen kach yo pa p ap resevwa w nan prive
se lè sa m ap mande tèt mwen eske lavi pa gen pri vre
se deja 3 lopital m pase san swen
sa k pa gen kabann, pandan papa m la ap trepase nan men m
sa se moun leta touye pa di m depi w mouri w antò
depi w antre nan lopital isit ou g on pye w nan koulwa lanmò

[instrumental]

[refren]
tonbe moun yo tonbe
men se pa bondye ki rele yo
2 bra pandye nan on lopital
yo menm tete lang ak lanmò adjee
adjeee (4×)

كلمات أغنية عشوائية

اهم الاغاني لهذا الاسبوع

Loading...