kalimah.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

d-fi powèt revòlte – intro كلمات اغاني

Loading...

[intro]
nan limit pasyans gen syèl
se toujou kwonik on powèt
on powèt ki sot castro
on powèt revòlte

[kouplè]
reyalite m fè m pa imajine vi m san rèv
anti sistèm  m vin chanje on plim an glèv
m t ap gwòs siksè deja si l te vin san règ
m kou black kent, se lè on pwòch mwen mouri m santi m vivan frè
kelke krizantèm m toujou an dèy ouais
orizon m gran men l pa anpeche m gad dèyè
f_ck snap back mwen m gen twòp frèm nan peyi san chapo
konprann soufrans ki kache dèyè chak mo
coup de blues
m vin prezante ak on mic pandan manman m chita lakay ap tann mparèt ak on blouz
lari banm bag
apre 12 zan m rann mwen kont li lwen pou l paradi now m vle surfe sou yon lòt vag
m ap gad karma anfas, erè m ap ratrape m
plonje nan
abim, kisa m t ap fè si rap pat rape m
pandan yo la ap krisifye m san klou ni kwa
mwen m ba l jenès mwen poutan l pa t pwomèt ni sou ni glwa
m s on black atis
m ekri doulè koulè m
li nòmal pou enspirasyon m vini san cannabis
a chak fwa m tris
m kite lank koule sou papye sa rann bonè ap nwaye nan lanmè sikatris
m pa mal pou konprann c yo k mal pou koute
m bay lanmou k pa gen pri men se vi m li koute
m pa gen konfyans ankò
black alex aprann mwen ke moun ap detwi vi ou apre pou selebre lanmò w
la moun yo fo, sipèfisyèl
si ou vle briye kou etwal ben pran pou limit syèl
limit rèv se kantite tan somèy
mwen m pa enkyete m pou fè nwa m konnen byen se solèy
ki fè lonbraj
si apre lapli c bon tan ben se d_fi k pral fè bri apre loraj
an atandan ke profesi lord akonpli
map bose rim mwen pou m akouche on rèv ak on plim
kouvri ak siman m se on pierre precieuse stil emeraude
d_fi a ap pran levèl men pou geto a mstil ret rhod
yo di m se pa nan peyi m ke m pral pwofèt
m ap krache on mal kwonik, kwonik on powèt
ki jwenn chimen l nan mitan bal,dròg, sèks
vrè misyon w konn sou wout pèdisyon mande malcolm x
pou sove geto a m ap sakrifye pwòp vi m
m ap reve pou sa tout sa k pa gen kabann pou dòmi
gen twòp vid man
kite m plen tou m ak ti savwa pou m soti la se mwen k dwe pwòp gid mwen
m ap rape pou pè, m ap rape pou love
si rim mwen yo rich se paske m ap rape pou pòv
m fè etensèl vin dife, fè fenèt vin pòt
m wè zanmi vin etranje, etranje vin pòt
lavi s on b_tch m swe sou li pou mwen l pa chanje kilòt
tankou lòt chanje vi m m rap pou m chanje vi lòt

كلمات أغنية عشوائية

اهم الاغاني لهذا الاسبوع

Loading...