kalimah.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

d-fi powèt revòlte – bal ou rim كلمات اغاني

Loading...

a une loi injuste, nul n’est tenu d’obéir , ce qui veut dire que j’ai le droit, et même le devoir, de résister, par la violence ou la désobéissance civile

yeah
[verse 1]
m bouke wè patnè m sou pil fatra ak bal nan tèt
m bouke wè prennsès yo sou twotwa pou manje k ap pran dwèt
reyalite a fann kè m
sou baz edikasyon m bouke wè fic k ap sodomize anfann kè
m bouke wè machandiz manman m kwabosal k ap boule
kale je w vrè vòlè yo nan on machin ofisyèl yo pa kagoule
yo te gentan asasine jistis avan jan dominik
etidyan ap pran bal yo reli sa divèsyon politik
a dizan w banm zam a ventan kouman pou m pa kriminèl
anba gouyad antoni dimon m bouke tande kri minè
m pa rebèl m vle sispann viktim
m grandi nan on peyi kot al lekòl tounen krim
m ekri raj mwen se pa ke m rape twòp bag_y nèg
men sè ke m viv twòp pou laj mwen
e si m pa pale vin di m kiyès k ap defann dwa n
geto yo nan gè plen zam kiyès ki responsab dwàn
talè poko
lopital an grèv fakilte fèmen epi sijè nèg yo nan deba se krèk koko
ha han yeah ayiti pa m nan diferan
ayiti pa m nan plis sanble a pa mrj a ke mikaben nan
simen èn se gè w ap rekòlte
enjistis donnen vyolans se pou sa m revòlte
e paske yo te di m, moun k ap batay pa mouri
jenerasyon envensib e gè l ye bal ou rim
[refren]
moun k ap batay pa mouri
bal ou rim ×4

[verse 2]
m bouke ankese
li lè pou m remèt m p ap gen on metriz ekonomi nan men m pou m al fini kesye
opsyon siviv jèn ayisyen se egzil
sa fè lapèn on lisansye nan peyi l al gadò bèf brezil
boujwa achte bouch medya ak leta fè youn
pandan mas pèp la ap pouri nan mizè l, si w pa revòlte w pa moun
lè pòv pa jwenn anyen pou l manje ankò l ap manje rich
p ap anpeche palmantè vòlè, men se pa sou tèt mwen l ap fè nich
se gran paran k grandi m, m pa ka on tchoul
m se stil rapè lè l p ap boule bit k ap boule kawotchou
wè m anraje
fòk djivens te pase konsa pou wè vrèman kiyès ki anpeche peyi m mache
timoun ap mouri pou sewòm oral
pandan senatè gen milyon pou manje pwason apre senatis ap pale m de moral
raptouf m santi m endinye
rap mwen ap pwone revòlt sispann reziye n
pi gwo pèn peyi m se pa 12 janvye ak kèk siklòn
men se paske kòm prezidan n te konn ti simòn
gen sa k chwazi kouri gen lòt ki pran konsyans
mwen w ap jwenn mwen sou beton an nan mitan andy ak schill
wete chapo m koube m byen ba devan rezistans
mouri nan batay la nèg m pa pral chili
d_fi frè m kenbe rèd pa moli (35 zile)

moun k ap batay pa mouri
jenerasyon envensib e gè l ye bal ou rim

moun k ap batay pa mouri
bal ou rim × 4

priez pour que je choisisse celle ci

كلمات أغنية عشوائية

اهم الاغاني لهذا الاسبوع

Loading...