kalimah.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

d-fi powèt revòlte – auto-psy كلمات اغاني

Loading...

[kouplè]
dezabiye m fas on piblik paske rad pa fè mwàn
rad pa fè mwàn menm jan kouwòn pa fè wa
orizon m fè nwa, m repati ak plim mwen kòm tòch
mizik : mwayen pou m pakouri mond lan san kòb pòch
on lon vwayaj, pou akonpanye m kèk nòt
ak on ravaj nan kè m gen prezans kèk mò
m ekri lavi m, rim mwen yo soti nan fon kè m
on kè brize k ekri lanmou ak espwa l a fonn èn
pou yo te konprann mwen byen m t oblije ekri vyolans
pèdi nan koridò castro, ak djab m t ap fè womans
plonje nan abim, echèk te pran m pou sib
donk m te tante lenposib pou te konn limit posib
pran sa m merite yo pa ban m
avan l ale li te di m on rèv ap ret on rèv si tout fwa m ret nan kabann
d_fi asasinen rèv manmi rhod
diplòm, kostim, kravat, pase jounen nan biwo
donk m konprann si l pa fyè m pa fè l
pwomès ke m ap sòti men m ap eseye miyò a chak pa m fè
chak vè sèvi pou nwaye chagren m
silans konn pale gen on oseyan doulè dèyè chak plenn
e chak grenn tèks m krache ranpli ak drama
frè m pa pè apokalips, m jis pè karma
on nèg ki te vin pou refè lari men lari refè
se maryaj demon m ak zanj mwen ki te krache reflè m
m grandi nan pèn a pèn ventan m gentan pèdi mwatye nan jenerasyon m lan m grandi nan èn
ban m di w an vrè, mizè touye espwa pou n viv an frè
si geto se paradi, ben m pa imajine lanfè
kot nèg kriyèl pase kwòk mò, menm mwen m pa t ka sen
m grandi ak nèg 15 apre k ta pral asasen
m rap sa k travèse m, pran sa kou terapi
li fasil pou konn d_fi, jis koute rap li
m ekri lespwa paske sante pa sifi pou kenbe m anvi
li pral gen tout sa l anvi rap mwen pral fè eksplwa
mesaj tankou boutèy nan lanmè
filip si m vomi lirik se paske vi m anmè
ou a di manman m pitit li te jis vle rann li fyè
li renmen l, si l pa di l sa se pask ego l rann li fèb
di pasa m pa jwe wòl gran frè m
li plis modèl mwen ke m modèl li, m tonbe nan lari a m pran dizan fèm
a tout frè k te grandi ak mwen, jodi a kou etranje
di yo m pa gen souvni, fò w bliye pou sonje
filip pran pwa chak mo
m fidèl a konviksyon m, di site castro m jis pran devan mpa ba l do
di gran paran syèl la te bezwen on ewo, m ekri konba l
se pa lanmò l ki fè m lapenn men m p ap wè l ap danse konpa
ankò, l aprann mwen se pa on kouwòn me se valè m kap fè m wa
dezabiye m fas on piblik paske rad pa fè mwàn

كلمات أغنية عشوائية

اهم الاغاني لهذا الاسبوع

Loading...