kalimah.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

cliowen – m’kenbew كلمات اغاني

Loading...

cliowen _ m’kenbew (feat. ux)

_(verse 1)
m’rele hey li pa vire se sa’ k fè m’bal kou an
moun k’ap gade yo rele (weyyy)
sou konn lè edh bay kouran
li met moun sou 2 ran tankou se 32 dan
e l’fè sot deyò menm sa’k te an dedan
se skandal m’kraze figi’l ak pla sandal
m’bali gwo kou m’ pa t janm swete ke m’tap janm bal
paske’l twonpe’m li trayi konfyans ke mwen te fè’l
sa son wonte, pou yon nèg tankou mwen ki gen fyèl
mwen’k panse ke li te fidel
li telman pran gason e menm fi dèyè’l
li pran vi an pou domino l’ap jwe’l pi gwo pi gra
li toujou vle’m mennenl domino’s pou’l ka jwenn pi gwo pizza (extra large)
nan men’l m’ap pran bill deyò a l’ap pran bibil
li toujou lolo’m m’pa gen kontwòl manzè
pou li mwen te yon lòlò, pou mwen li te yon manzè
tankou s.a.l jodi a m’kenbe manzè

_(chorus)_
kijan ou vle m’avew pandan m’kenbew ak nèg sou vant ou (sou vant ou)
m’te konn ap plede lè yo di’m ou fel assez souvent tou (assez souvent)
kounya ou vle fè’m konprann ke sa m’wè a se pa vre (se pa vre)
gad figi manzè k’ap pran’m pou egare ( welele)

pa jwe ak figi’m pa pran’m pou egare (welele)
_(verse 2)_
li t’ap choute ak tou 2 pye’l
m’pat jan’m wè’l ak tou 2 zyeu’m
li trible’m vre, jan’l kanpe an li tou devye’m
m’kenbe’l sou vant yon nèg
k’ap monte desann
septanm li fèt poutan’l pa vyèj
gad jan l’ap montre’m desanm
mwen m’pat konprann m’tal pran’l pou sè legliz
premye fwa m’rankontre’l li t’ap mennen ti sè’l legliz
lòt dimanch li trennen’m jiskaske nou renmen
prezante’m kay paran di manman men nonm mwen
men au moins, li ta kite m’fon penso men au moins
nou selman anbrase, li pa vle m’al pi lwen
li di’m ann tann maryaj, deyò l’ap jwe lotto 5 chif
l’ap frape fò nan street
avèm ou wè l’ap jwe game chich
manzè fè m’wè lanmou avèg nan je’m li mete gwo linèt
pou li m’te vin fè foli nèt _(fo linèt)_
tout sa l’dim se vrè
m’te ka tuye’w si’w vin dim fo wi mèt

_(chorus)_
kijan ou vle m’avew pandan m’kenbew ak nèg sou vant ou (sou vant ou)
m’te konn ap plede lè yo di’m ou fel assez souvent tou (assez souvent)
kounya ou vle fè’m konprann ke sa m’wè a se pa vre (se pa vre)
gad figi manzè k’ap pran’m pou egare ( welele)
kijan ou vle m’avew pandan m’kenbew ak nèg sou vant ou (sou vant ou)
m’te konn ap plede lè yo di’m ou fel assez souvent tou (assez souvent)
kounya ou vle fè’m konprann ke sa m’wè a se pa vre (se pa vre)
pa jwe ak figi’m pa pran’m pou egare (welele)
_(skit)_ ux
cherie e pa fòt mwen non
m’pat wè kijan pou m’te di’w sa
cherie m’pwomèt ou senserite
stp padonem

_(verse 3)_ cliowen
m’pap padone’w paske’w fè’m pase pou sa m’pa ye
ou fè’m enmi fanm ki zanmi’m
atò menm sa m’taye
imajine si m’pat avew tout sa m’ta ye?
tankou lèt jodi a ou fè tout san’m kaye
m’panse san ou m’tap yon elèv ki san kaye
se pou sa m’pat vle kite’w
men ou te nan chyen ou nan chat
ou vann mwen chyen nan sac
m’fè w konfyans ou vyole’l
eske e pa kadejak?
ou mechan

_(outro)
aba vyolans sou fanm

كلمات أغنية عشوائية

اهم الاغاني لهذا الاسبوع

Loading...