kalimah.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

barikad crew – lit كلمات اغاني

Loading...

[refrain] 2×
lavi a se yon pèpetyèl lit lit lit
gade kijan jou yo kouri vit vit vit
brase lari a lajounen kou nan nanwit
paske jodi lakay fòk manje a kwit

[brital]
non, nou pap bese lèbra pi rèd n ap kontinye lite
nou pa moun k ap bay vag konsa n gen fyète n pap bouke panse
nou pap pèdi lafwa di m sa w wè n pap bouke panse
pa gen fè bak dayè n pap bouke chante
son gwo bag_y, lavi son gwo batay
met min nan fwon w kontre sousi w pou w tire fay
se sere tan w pouswiv detèminasyon w
nego, se jere tan w bat pou w pa rate misyon w

[izolan]
vi sa bay yon chans
fò w met may pou l ka gen sans
se pa tout tan pou w nan rans
pwoblèm met lè an avans
devan obstak, piga n janm bese les bras
piga nou janm fè vye zak menm lè nou wè krab la pa gra
egzanp noumenm n apran soufri san 5 kòb
nou travay tout lajounen jiskaske mizik ba nou job
nou vin apran wa fè tan w wa kite tan w
bat pou w fè sak pozitif pou lè w pa la pou w kite non w
[refrain] 2x

[bricks]
lavi dèfwa tèlman kon konplike pou nèg
pa wè devan w pa wè dèyè, kon menm mande bondye pouw dead
yeah gen on prensip se pou lite
ou genyen souf ou gen sante ebyen oumenm fò w bourike
raple w byen menm jou w te fèt manman w te pase nan doulè
se pou montre w sou ti tè sa w ap wè tout kalite koulè
tout kalite mizè fòk ou travay pou w ka jwen wout siksè
prensip lari si w pa […] pap ka panse bidjè
sitou nan on peyi tankou ayiti kote
paran gen love men podyab pa gen posiblite
sa vle di depi w piti ou sanse ap jere tèt ou
sak pap travay pa ankadre deja ap panse fè kou
m vin konpran sa k ap viv se sa kap lite
lavi a pa gen piyay pou w rejwi se travay li ye
kon soulye l dèfwa tèlman brase bill li
m pran gang boksè limenm pou m ka kase figi l

[refrain]2x

[fantom]
dèfwa m poze tèt mwen kesyon kòman marele fè viv
sevre m pa ere menm pa give up
ret fèm zetwa l ou ap lib avan ke ou lib
si w byen swiv w ap wè pa gen anyen ki easy
jodi a w tou piti wou life la tou piti
pa pran presyon, gen espwa on jou w ap grandi
se believe, menm si lasyosyete ta ba w dandi
pa oblije bandi pa koute les on dit
tann moman w pou w bondi
sa vle di
men m lè w pa g on dola sou kont ou
gen twa timoun sou kont ou
ret tèt frèt, toujou sonje ke w pa poukont ou
ou wè nou, yon pate n te konn manje a 10
gad kounya nou chak la n ka achte plis pase 10
e plis pase nou nan je tout moun nou se gwo atis
san pa ajenou ni bese je nou
nou te montre san pa fè vye vis ni sakrifis
merite pa mande e les hommes pa fè kado
verite m ba w tande, nan je w mpa vle wont ak dlo
lit lit lit
eklate
vit vit vit
ok
kou lanwit
se fight
manje a kwit

كلمات أغنية عشوائية

اهم الاغاني لهذا الاسبوع

Loading...