kalimah.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

barikad crew bc – se konsal ye كلمات اغاني

Loading...

k_tafal: this is bc… this is bc: barikad crew. n_gga what? (what? what?)
fantom: ou renmen rap kreyol mc fò w travay pou li
izolan: dèske yo wè m se nèg geto yo panse ke m pa gen nivo
dejavu: yo! yo! ou pap rayi yon moun kap mennen
bricks: kounyea se lè pa nou, biznis lan ap mache

[fantom]
tout peyi a man, te deja konnen kijan l te ye
trip nap trip blòk ayiti, barikad crew se konsa l ye
e se chak sa n ap fè, w ap mande si n ap ka fè yon lòt
e se chak sa n fin fè w ap mande pou n ta refè yon lòt
men toutan n ap respire pou yo n ap toujou enspire
pou piblik la satisfè, pou nou tou se li ki prime
di m non w, omwen di m ki siksè w te fè
konn ran w barikad crew se rap kreyol lidè
se nou tout p_ssy vize
e chèn nan yo pap ka brize
deja yo… jenès la se nou l mize
nou pap ka menm dwèt ni fè pati de menm men an
konpòte w kou bèt, nou pap pati nan menm tren an

[dejavu]
pa gen priyè k pa gen amèn (fò w gen lafwa!)
se konsa l ye gen group ki dous e gen amè
si n konstate gen lajounen e gen aswè (oh! yes.)
se konn sa n vle, kale je nou pou n ka wè klè
prouve l, bay ipap bourad
pouse l, pouse l e fè li ak kouraj
tout fan bc kote nou ye fè wè sin nan
reprezante e n se aktè nan fim nan
toutan k ap jwe yon wòl difisil
fè negatif vin pozitif, sak enposib vin posib
fè kokobe mache, bèbè pale, bebe danse
dejavu aka famous bc se konsa l ye
yo mèt di sa yo vle. any! e n konn sa n ye
refren
ou renmen rap kreyol mc fò w travay pou li
fè, fè, fè, fè… fè bri pou li
dèske yo wè m se nèg geto yo panse ke mpa gen nivo
yo! yo! ou pap rayi yon moun k ap mennen
etanke rapè m fè valè m
wi! men bricks…. kounyea se lè pa nou biznis lan ap mache

[bricks]
si w rayi barikad w rayi manmanw ki fè w
we never scare, si w fè bri konn se manman w ki pè w
nou se sèl gwoup pa pè lanmò vwa pou salte
e n ka fè w tou lèd kwon chen k gen bave
pavre? ou sòti nan nenm tankou ‘on pil (…)
lè m gade w ou banm kè plen pi mal k on pil fatra
moman sa se pou barikad ou mèt f on chita
e pou piblik la l enpotan kont tretman sida
avè w m ret min, lang tòl, dan klou
e m konn mès ou deja ou pran gòl nan tou
dèyè nou yo se wa, devan n kè yo se papapa!
ou panse rivalize n n_gga, ou pap kapab

[izolan]
g anpil moun k ap tann nou soukonn lè kris te nan pasaj
yo pa menm tann pr_n ti time pou rap kreyòl pa fè nofraj
ou rekonèt, ou konn sa. ipokrizi gen dwa pa vle w di sa
like naz, barikad crew se yon pwen k nan yon fraz
depi w kouri sou nou ou pa pran poz
pèp la ap jete w sou konn dechè k nan yon vaz
ou pa ka di n fè djòlè, nan tout sa n patisipe yon ban n respè n kòm rapè
pa fristre tande lè w wè fanm feel kri m
se paske lè m ap drop m toujou lage bèl rim
blofè ! menm lè m ta mouri m pral nan sèkèy la an souriyan
e gad chen an pa mouda, mwen ak rap la nou devan
[dade]
pawòl ou tande sa chak mil an
ou ka fè plis, menm kraze mi an
sof nan zye w w ap wè se tak, kwon tak dlo ki bay delij noe a
sof lè l ap vini ou ak fanmiw, kwè m frè m nou pap blo
pita pi tris, pita pou kris
priye pou w pa menm jan ak jida k sou lis moun ki pral boule yo –plis
group sangen n se rap plis
pa tande sa si w fè kè, fò w apresye si w fòkè
beef, twòp sh_t barikad crew met chalè
san ezitasyon nou pap pè pa vin wouze baz ou
itilize visye w nan mitan w pou nou kraze baz ou
ou di frè w la bèt san w pa wè l gen grif
‘e paske w bliye aryè papa w ak papa l ki te devlope lèt ak chif

refren
ou renmen rap kreyòl mc fò w travay pou li
fè, fè, fè, fè… fè bri pou li
dèske yo wè m se nèg geto yo panse ke m pa gen nivo
yo! yo! ou pap rayi yon moun k ap mennen
etanke rapè m fè valè m
wi! men bricks….kounyea se lè pa nou biznis lan ap mache

[k_tafal]
tout moun nan bas peu de chose vake a okipasyon yo
yo pap pran poz, yo youn pa pè 2 choz ki di ou k fè
pasyon yo se sèl koz, bwason yo renmen woz, bwason yo bwè san dozaj
e foli ki fèn fout fò tou fout pi fò ke menm sant boz
realite a chak fwa w eseye derape, m rape w
pwouve w pap kont li anko m ap vini ou mèt kare w, pare w
yo mwen pwal bare w mare w bware w fware w bale w rale w kale w vale w
remix sa w ap tande a nou fèl jis pou n raple w
ou ki konn son rap la se son w prouve l
pa ret ap gade prese vin boure kò w vin: (bay ipap bourad!)
si w kwè toutbon ou g on venn nan kanson w :
prouve l, jodia pa demen e fè l ak 2 men

[brital]
pran men w, m di sa paske ou pa konnen m
si w vin nan game nan se pou f_ck konnen ou bezwen konnen m
sa se brital k ap kase rap la met nan bòl ou
fake mc bout pa bout m ap met nan djòl ou
m vin best tout ekstrèm, sistèm gangstè m
fè nou aklame barikad bc anblèm
nou se pwen final sa vle di nvin met tèm, kwè m
lirik nou radikal se sak fè n bay pwoblèm, frè m
oumenm w ap fake, nou pa konn pale sh_t
mande padon nou pa konn bay presyon
n ap vin anvayi w kanmèm, pinga gen emosyon
depi w tande sa sou nou pinga w vin monte mal

refren
(hip hop! hip hop! non_stop)

كلمات أغنية عشوائية

اهم الاغاني لهذا الاسبوع

Loading...