kalimah.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

baky – koupab كلمات اغاني

Loading...

“koupab”

(verse-1)

a 25 ans, lavi isit pa fè’m rabè

m konn lavi potoprens ak tout pwoblèm ki vin avèl

m t maryak yon fanm ki te banm yon pit-t fò’m di’n ke lavi’m chanje depi le jou’l vin sou latè

m pat gon gwo kay, men nou 3 tap viv ansanm

e aprè’n vin divòse pit-t fi’m al viv ak

manmanl

e a lepok se machine mwen tap repare

pit-t fi’m vin gon bòpè akoz manmanl vin remarye

yo demare yon lòt vi ansanm, men’m te toujou la

m t toujou la pou pit-t fi’m, nenpot sa’m genyen m toujou ba’l

chak fwal vin wè’m, se kè rache lè poum mennenl

e nenpòt sa’m fè nan lavi’m, konn se pou li tèlmanm renmenl

tout pot mèt fèmen pou mwen, depil jwenn pòt ouvri

m pap nwi domi nan fredi depil ka jwenn laine poul kouvri

pit-t fi’m pap konn mizè mwen

m pap nwi mache pye atè, ak yon sèl rad, depi’m bal tout rad li bezwen

map sal kò’m, pou kò pal ret pwòp

poch mwen vid,pou poch pal gen kòb

ou wè poum konble’l map fè tout kalte job

satisfaksyonm se lè mwen wè’l souri

pit-t fim sa se lavi’m e pa gen anyenm pap fè pou li

{seance: juge, avocats…}

{2ème verse}

yon bon maten mal travay, yo revokem pou twòp kredi

men’m pat regrèt koz tout kob mwen se nan li’m te envesti

m vin gon 2eme job, son ti job sekirite, paske’m te gon lajan lekol m tap konplete poul te enskri

tet mwen cho, pou jan dette sa te toumantem

ou konn paran, n te mèt pa manje, depi pit-t nou konble

telephone mwen vin sonnen, e lè’m gade’m wè nonl monte m di ma fille cherie comment vas tu? si’w konn kijan’w manke’m

li di’m “ha papi vin dèyè’m, m pap ret la ankò

m santi’m imilye, m pèdi tout pudeur ki te nan kò’m”

m di saw genyen? ou pa alèz?

li di men non bòpèm ap plede manyen’m chak fwa’l antre la m pa vlel parèt la ankò

m di kisa? li di’m papi vini tanpri’m pralavè’w

kot manmanw? li pat tande’m tout lè’m te eseye palavè’l

m dil ret kache map vini

li di’m ok men papi tanpri fè vit paske mwen pè

se mwen ki poukòm la avèl

misye gen pouvwa, lajistis pa tap pran pa kam

kom m t gon job sekirite, sanm pa mande malak yon zam

pa menm ezite, m pral defann pit-t fim ki minè

san reflechi mwen pran lari, direksyon kay yon kriminèl

lè’m rive, m fonse pòt la poum antre

gras à dieu m rive a tan mwen wè’l kap trennenl devan je’m

m dil hey fout lage bra’l! cherie ekate kò’w

pandan lap kouri vin sou mwen m rale zam mwen m brake m baw

{débat: revendication des 2 parties, avocats, bruits, etc…}

{refren final}

si legitime defense m fè a deranje’n

si se paske’m pat aksepte wè dlo nan je

sim wè lavi’m an jeu, pit-t fim an danje, m t prefere tiyon bandi au lieu m t ret gade’l nan je

si fè job nou nan plas nou son gwo mal nan vim

si sove lavi pit-t fim lan se yon krim

sim efason nèg ki tabuzel lèl t seul

m garanti’n m pa regrèt , si poum refèt m tap refèl…

كلمات أغنية عشوائية

اهم الاغاني لهذا الاسبوع

Loading...