kalimah.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

baky – kite’m motive’w كلمات اغاني

Loading...

rèv mwen lou, mwayen’m ki lejè

map travay pou viktwa men’m pare pou echec

lavi gratis men viv koute chè

m ka pèdon batay men pa pranl pou defèt

petèt map chache fè tout sa’k pat dwe posib

m vle ede m pa gen mwatye de sa’m ta vle ofri (domaj

toufwa devan lavi ka demanti’m

men’m konnenm grandi ak zanmi ki pat janm vle’m grandi
yo mare pye’m chak lè’m te vle fè quelques pas

vye frè

yo fatige’m men’m gen pou’m pran souf quelque part

m konnen’m pa pè pou sa yo di yo

pou’m m fè lapè’m ak tout enmi’m, m ba yo love n ke’m patko prè pou’m te ofri yo

lè’w nan pwoblèm tout fo zanmi pap vlе ret prè’w

fon fason chanje etwal lè’w wè еtwal pa’w vle etènn

frè’ kwè’m destin lavi’w ka modifye’l

e si yon jou’w ta vle bay vag kite mizik sa

motive’w

ou ka fè plis ke sa’w ap fè la
ou ka rive pi lwen ke kotew ye a…

kite’m motive’w

kite’m motive’w

solda

leve tèt ou non

chache rèv ou non

tout nèg ap prepare batay yo

mete’w prè tou non

wout la long, koman’w vle fè’l san’w pa bite a?

gon frè’w ki rive sou menm pakou sa’w te kite a?

obstak ka detwi moun, konsa tou’l ka fè yo brav
gen plis fyète lè’w travay pou’w genyen sa’w vle, ke lè yo ba’w

al pran lari a, fè wout pa’w si’w pa gen gid

w’oblije viv ak sa’w genyen menm si se pa sak ta dwe viv

en fait, tant wap vanse wap jwenn plis frè’w ki vle tiye’w

lè yon frew reyisi, au lieu ou rayil, siksèl dwe enspirew

tant wap chache al pi wo

tant yap rale’w vin pi ba

men tant sakrifis yo pi gwo, tant wap pran plezi nan viktwa

so mache tonbe leve

reve, rive, echwe, kriye, fonse

desten lavi’w ka modifye’l

si’w konn yon moun ki bzwen fòs, kite mizik sa

motive’w

ou ka fè plis ke sa’w ap fè la

ou ka rive pi lwen ke kotew ye a…

kite’m motive’w

kite’m motive’w

كلمات أغنية عشوائية

اهم الاغاني لهذا الاسبوع

Loading...