kalimah.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

baky – 100 verites كلمات اغاني

Loading...

100 vérités

{verse-1}

se pa chak jou ou pa wè solèy pou’w panse’w pral wè lapli

sekrè avèg, siw fèmen je’w, ou ka wè lap li

chak fwa’w fèb, lapriyè se ka sèl apwi’w

si se vre’w vle viv an pè, anndon’w sèkèy se ka sèl abri’w

nan mond sa, se pa tout bb ki jwenn bèso man

ou ka fè vi’w single siw ap chache the best woman

dim se vrè ou pa?

kwè nan jistis men raple’w dèfwa tribinal pa kondane vrè koupab

ou ka chite

pouw pa tonbe yo kite’w bite’

nou chak ka gon ide tan poun antann nou’n pito lite

sonje, nan oposizyon pa vle di’w nan lagè

fè lapè, akoz de nou twòp ti jeunes al anbatè

nou wè, men nou pè fouye bouch nou nan zafè yo

nou vote leader yo men nan mind nou nou pa fye yo

nou just fèmen je’n poun vale tout sa yo rann

nou pa jwenn sa nou mande so n’ reziyen’n ak sa yo bann

epitou

nèg yo rich nan kriz nou

yo kache mechanste anba veste ak kèk bèl diskou

yo plis sou pale anpil men youn pap pote yon èd

yap touche milyon chak mois men youn pap regle yon merde

m bouke pa jwenn pandan plen nèg kap plen men

bouke wè’n kap gaspiye pandanm wè gon pèp kap trennen

m bouke wè grangou pandan ke gran nèg kap mennen

m bouke wè jè’n fi 16 ans ak granmoun 100 ans kap renmen

(m bouke)

poum pa wè nou, se 2 je’m poun pete

20ans d carrière ap travay poum fon kay prete poum prete

nou fè’m twòp, nap ofri’m bwè, nou pap la kon’m vomi

ou wè isit, neg ap tiye rev ou menm avanw domi

lè twal vi a kout pou ou

pa gon nèg kap koud pou ou

saw boule kawoutchou pou li a l pap boulon mil goud pou ou

wap mande’l klere’w men’w pap mande’l ki pri limyèl

dèfwa se lè’w gade’w nan glas ou wè’w t’anfas yon kriminèl!

di yo, sant fatra peyi’m monte mezi nen mwen

men’n fè kòm si’n pa wè, so map oblije reziyen mwen

sou kòb tax map peye, men’m paka jwenn sèvis

pwouvon atis nou renmenl se lè nap

plenl ak rip

nou gate

yon société raté

koike’n te aprann mache nou te prefere bwate

m wèw te prefere gade tan pou’w aji

ou te vle jete vodou pandanw tap fè plas pou maji

frè’m m wè’w, e chak lè’m gade’w m ka we doulè’w

m ka wè bote’w, m ka wè po’w menm pap wè koulè’w

m pa wè black, m pa wè milat, m won sèl seri moun

m won sèl nasyon, yon sèl pèp nan sèl peyi nou

men peyi’m divize gen twòp konba ladanl

politisyen isit gen twòp pouvwa ladank

men lè’m wè jan nou chak ap trete youn lòt

e chak fwa’w panse se sèl pou ou pa gen règ

met nan tèt ou’w pa anyen paske peyi sa pa gen mèt

كلمات أغنية عشوائية

اهم الاغاني لهذا الاسبوع

Loading...