
zenglen - bay moun tèt yo كلمات أغنية
yo chita la ap pale byen fò
yo tout gen rezon to tout gen tò
yo tout ap pale ansanm
sanble ni youn ni lòt pa konprann
nan repete diskou ansyen
de mo fransè k’ pa vle di anyen
yo lage nou nan kouri
tout you pèp nan peripesi
jodi a se you istwa, demen se yon lòt istwa
nou pa janm ka kriye viktwa
ba moun tèt yo, kite moun an repo
[chorus]
bay moun tèt yo (tèt yo) [4x]
y’ap di yo endependan
men tout sa k’ pou fèt y’ap tann kolon blan
pale de demokrasi
epoutan yo pa konn sal’ vle di
rele tèt yo dirijan
opozisyon, mouche leta
bliye diyite pèp sa, jodi a ki nan fatra
jodi a se you istwa, demen se yon lòt istwa
nou pa janm ka kriye viktwa
ba moun tèt yo, kite moun en repo
[chorus]
bay moun tèt yo (tèt yo) [4x]
[solo]
gad jan sa fè mal o
yo bann move zen, yo bann malfèktè
gad jan sa fè mal o
fè bò isit la tounen you dezè
gad jan sa fè mal o
gad jan sa fè m’ mal yo kraze tout katye m
gad jan sa fè mal o
sispann
di w’ gen solisyon yon pwoblèm ke w pa menm konprann
sispann
pale de rekonstwi peyi isi
jenès la pa gen avni
sispann
pran job la fè kòb malgre yo pa ka fè anyen
ou menm tou sispann ba you quorum, ba you quorum, ba you quorum
gad jan sa fè mal o
olye yo preche lanmou, yo pito vole lougawou
gad jan sa fè mal o
sispann
di w’ gen solisyon yon pwoblèm ke w pa menm konprann
sispann
pale de rekonstwi peyi isi
jenès la pa gen avni
sispann
pran job la fè kòb malgre yo pa ka fè anyen
ou menm tou sispann ba you quorum, ba you quorum, ba you quorum
jodi a se you istwa, demen yon lòt istwa
you pèp kita_nago, toujou anba chenn anbago
كلمات أغنية عشوائية
- martha cudby - losing game كلمات أغنية
- highlyy - soldier كلمات أغنية
- patchymate - axis transition - demo كلمات أغنية
- putri kristya - teteg ati كلمات أغنية
- parriun - make love كلمات أغنية
- mystic falls - wanna be dead كلمات أغنية
- folclóricas gaúchas - dança da chimarrita كلمات أغنية
- loyle carner - plastic - live from the royal albert hall كلمات أغنية
- big rave et olien - fait de rouge et rawr كلمات أغنية
- bowling for soup - where to begin (live 2018) كلمات أغنية