kalimah.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

wendyyy - paka viv avèl paka viv san li lyrics

Loading...

(it’s magic, baby)

li se tout sa m rayi tout sa m renmen
tout sa m bezwen se tout sa l mennen
m renmen tout sa l fè
tout jan l ye m veye tout ti jès
m veye tout sa k brannen
m se definisyon tout sa krazy ye
m pa vle wè l men l se tout sa m dezire
li fè m konn sa k lanmou e tout sa plezi ye
sè l li k konpatib avè m tout sa m mezire
s on lanmoun gran djoz xxl
on lanmou sikre sale on lanmou sik sik sèl
lè m malad pou m geri fò m jwenn on kiss plis elle
lè l pa la m pa kapte m tankou digicel

li fè m tout sa m rayi fè m kwè tout sa k pa vre
m pa wè lavi m san li poutan se tout sa m pa vle

mwen pa ka viv avèl, poutan m pa ka viv san li
mwen pa ka viv avèl, poutan m pa ka viv san li
mwеn pa ka viv avèl, poutan m pa ka viv san li
mwen pa ka viv avèl, poutan m pa ka viv san li

nou pa pase de jou san n pa goumеn
men m pa konplè lè m santi l lwen
li se tout sa m rayi men s on medikaman li ye pou mwen
li fè m adikte, fè kè m palpite
a chak fwa m deside ale m pa ka kite
li fè m santi byen li fè m santi m ap viv
chak jou ban m manti fè santi m nayiv
li se gòg pa gen jou m pa iv
m pa ka kontwole oh qu’est ce qui m’arrive
li fè m adikte, fè kè m palpite
li fè m akò a chak lè m deside ale m pa ka kite
li fè m aksepte manti poutan m konn verite
sa m santi a pifò poutan m konn vle lite
chak jou k pase m damou w plis men chak jou m vle kite
menm player m pa ye ankò m evite chak kou l merite
chak jou k pase m damou w plis men chak jou m vle kite
menm player m pa ye ankò m evite chak kou l merite
li konn jan pou l fè m piti li konnen m pa care
li konnen l ka fè m obeyi menmsi m pa kwè
m konnen l renmen men m gen dout m pa kwè
e nou toulède avèg nou konsyan men n pa care
si w anpeche m goute siwo sa m kapab fè on ka
m pap kite w kounye a ni tou m pap ka fè l nan ta
e pou l sa l fè pou mwen pa gen lòt kap ka fè on ka
kè m nan men l e m reziye m m pap ka fe yon pa

li fè m tout sa m rayi fè m kwè tout sa k pa vre
m pa wè lavi m san li poutan se tout sa m pa vle

mwen pa ka viv avèl, poutan m pa ka viv san li
mwen pa ka viv avèl, poutan m pa ka viv san li
mwen pa ka viv avèl, poutan m pa ka viv san li
mwen pa ka viv avèl, poutan m pa ka viv san li

hooouuu, mpa ka viv san li
yeah yeah, yeah yeah, yeah yeah

كلمات أغنية عشوائية

اهم الاغاني لهذا الاسبوع

Loading...