kalimah.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

wendyyy - m bezwen lanmou lyrics

Loading...

(anh! yòw!)
m santim tris, m santim raz
m santim seul, m santim naz
m santim pa konplè, m’manke mwatye
m santim pa solid kou kon kay ki manke mòtye
mpap chache bon fizikman kap prezan
mbezwen yon moun nan tout sikonstans kap avèm kap prezan
mpa bezwen yon bèl vizaj bel fizik san enteryè
mbezwen yon moun ki sensè kap avem san enterè

menm si maji tankonw pa vlel
menm siw ta wè mwen pa meritel
men ko mwen, kè mwen, nanm mwen se tout sa ke mwen vle eee
menm si santiman sa fem kriye
fe mwen swete kеm pat egziste
menm si tout lе de ka pa site
mwen son tè sèk ki bezwen mouye eee
mbezwen lanmou, mbezwen lanmou
mbezwen lanmou ou_ou_ou…
mbezwen lanmou, mbezwen lanmou
mbezwen lanmou ou_ou_ou…

mbezwen yon moun ki anvi viv, ki nan menm sans avem
ki gen menm objektif ki panse menm jan avem
kap defann mwen menm lem antò, on moun ki nan menm kan avem
on moun ki fèt pou mwen tankoul te gen menm san avem
mpa bezwen plizye, mpap bezwen 3, mpap bezwen 5
li ka diferan gen stil li vlel pap bezwen senp
em pa bezwen konn vil, mpa bezwen konn pasel, mpa bezwem konn sal te fè, nil pap bezwen sainte
yon neg ki konn renmen
yon neg kap kenbe menm
menm si chimen an lwen
kap pwomèt mwen kap toujou la
yon neg ki pou fem santim byen
yon neg menm sim ta ale lwen
ma va monte sou dol menm si machin lan ta kanpe menm si mwen pata ka mache
yon neg, ki pou respektem nenpot jan sa ye
yon neg, ki pou kanpe avem nan nenpot sitiyasyon kem ta ye
yon neg ke map ka kwe nan li, ki ap ka kwe nan mwen, paskem bezwen lanmou
yon neg ki pre pou mw genyen
mpa meritel
tankoum pa vle
se tout sa ke mwen vle eee
mbezwen lanmou

كلمات أغنية عشوائية

اهم الاغاني لهذا الاسبوع

Loading...