kalimah.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

wendyyy - ayibobo lyrics

Loading...

mw vinn raple′w kiyès ou ye men pate jan ti blan kite’w
mw vinn raplew valè′w paske’m wè’l fè yon titan kite′w
ou kontamine san′w gen venin fò’w konn ki dan k pike′w
premye pèp nwa k libere, wi se sak idantite’w
mw vinn raple nou ke nou dwe fière, ke nou dwe frè
et nou lib donk se sa nou vle nou dwe fè
n′ap soufri lontan menn pat travay pou doulè sa
yo dwe respekte nou paske n te batay pou koulè sa
mw vinn raple’w ke nou se klou kolon et yo se mato
yo la pou ofanse n bann manje kk pou gato
mw vinn raplew kе endepandans nou an se pa yon kado
raplе’w tou ke’w se moun tou koulè po’w pa dwe yon fado
(kounnya se lè pou n leve kanpe) plan revolisyon an fenk trase
nou pral fè yo respekte dwa nou san tèt kase (tèt kase)
nou di non nou pap sibi ankò
mèt vwa nou ansanm
ouvè gagann nou pou n di c’est assez

ayibobo, ayibobo
ayibo_, ayibo_, ayibobo
ayibobo, ayibobo
ayibo_, ayibo_, ayibobo
ayibobo, ayibobo
ayibo_, ayibo_, ayibobo
ayibobo, ayibobo
ayibo_, ayibo_, ayibobo
sa fè lontan n′ap plante nou pa jwenn ase fri
li lè pou n jwenn ze a bouyi nou manje’l ase fri
nou t esklav zanset yo te goumen pou n pase free
kounnya ann kanpe pou n fè yo fas nou ase fri
nou pat janm chwazi viv konsa pwoblèm peyi a pat janm fòt nou
je nou klè kounnya donk bann vòlè yo pap jwenn vòt nou
yap ranpli pòch yo nou menm lè n grangou nap rele laba
nou pap pran belle paròl lè n finn vote pou n rele aba
nou di non, nou dwe viv tou, donk moun pap vinn prije nou
non, pagen okenn f_cking kolon kap vinn drive nou
nou di non, e nou kanpe dèyè′l anyen pap vinn rive nou
nou di non, tè sa se pa nou pa gen moun kap vinn rive nou
leve kanpe mare pwen’w
jou revolisyon an rive so mare ren′w
nou pat goumen pou libète a sèlman nan papye
ann revandike pou yo sispann pase dwa nou anba pye

ayibobo, ayibobo
ayibo_, ayibo_, ayibobo
ayibobo, ayibobo
ayibo_, ayibo_, ayibobo
ayibobo, ayibobo
ayibo_, ayibo_, ayibobo
ayibobo, ayibobo
ayibo_, ayibo_, ayibobo

كلمات أغنية عشوائية

اهم الاغاني لهذا الاسبوع

Loading...