
wendy traka - lento كلمات أغنية
li pa gen limit pa gen kè li pa titiye
ou pa epanye nenpòt kote w sitiye
ni inosan, ni kiyes ki tiye
li pa gen baryè li pa konn sa kilti ye
ou mèt annafè a pa bon w ap konn sitire
peny ti dan mèt devan w pap konn si l sire
eh ou mèt fuir ou mèt kouri
lè cupidon debake ou pap konn si l tire
se rete w ap rete w ap tonbe plat
ti kè w ap vin piti l ap tonbe bat
ou ka menm al achte bag ou mande dat
aprè w ap pran deception pou w al tonbe back
li parèt san zatann lè w panse l pa la
chak moun on cavalier pou danse bal la
dèfwa pou pa w la vini fò w pase pa la
li tankou lanmò fò w pase pa la
ou te mèt te tonbe ou pral tonbe pi rèd
ahh ou te mèt tе kriye ou pral kriye pi rèd
frè m ou mèt di w pap tounen w ap tounеn pi rèd
ou pa gen chwa frè m s on pasaj oblije w ap tonbe pi rèd
ou mèt kouri sèmante fè sa w vle
ou mèt evite
l ap toujou frape san l pa envite
e menm sou konnen w pral soufri
lèl parèt w ap pran kè w ou ouvri l
san w pa ezite
ou pral tonbe sou youn ki ba w degou
on lòt ap pran w nan tristès ki fè w debout
men poutan ou ka kite l pou yon lot ou renmen plis
ki just wè w tankou yon moun l ap bay 2 kou
lanmou jodi ka fèw kriye
men demain li pral fè w souri
li blese w grav li brize kè w
yon lot moun pral ede w geri l
malgre echèk ou yo
pa jwenn moun ki renmen w non
menm si lanmou fè w monte le syèl pa do
s on fado hou, ho
lanmou s on lento li ye
oh oh oohh
lanmou s on lento li ye
oh oh oohh
lanmou s on lento li ye
oh oh oohh
lanmou s on lento li ye
oh oh oohh, oh ooh
كلمات أغنية عشوائية
- edward & jane - hold your own كلمات أغنية
- nicole wray - let it go كلمات أغنية
- sarah lightman - i can't be كلمات أغنية
- sophy 王嘉儀 - leaving earth (hirsk remix) كلمات أغنية
- insanecvrlxswave 9 - flow m.p.b كلمات أغنية
- minaxi - stargazer كلمات أغنية
- diaz dizzy - hikayeler eskittim كلمات أغنية
- ash jetson - holy mantras. (alien bodhisattva) كلمات أغنية
- g pillola, nevro - allenamento del collo كلمات أغنية
- kaneki xponent - demon in the light كلمات أغنية