
vanessa jeudi - sa je pa wè كلمات أغنية
sa je pa wè sa k disparèt
sa k soti ki pa janm antre
sa y al fèmen fò dis manchèt
sa yo trangle oubyen vantre
sa je pa wè sa k disparèt
sa yo bwote onzè diswa
tout yon fanmi fonn nan fènwa
kadav y al jete pa bourèt
sa je pa wè
sa je pa wè
konn bay kè plen
sa je pa wè
sa je pa wè
konn bay kè plen
sa je pa wè sa k disparèt
sa yo fè pran pa jalouzi
sa yo bay bouwo toupizi
defigire san rekonèt
sa je pa wè sa k disparèt
sa y al koule sou batiman
ti bebe ki panko menm fèt
yo ponyade nan vant manman
sa je pa wè
sa je pa wè
konn bay kè plen
sa je pa wè
sa je pa wè
konn bay kè plen
sa je pa wè sa k disparèt
sa de pat men mouche make
sa non y al kanni n on w ankèt
sa lajistis gentan bliye
sa je pa wè sa k disparèt
tout sa van laterè rache
flè ki seche anba krache
depi li te fenk ap parèt
sa je pa wè
sa je pa wè
konn bay kè plen
sa je pa wè
sa je pa wè
konn bay kè plen
you might also like
كلمات أغنية عشوائية
- 4mayy - i don’t know كلمات أغنية
- gissele garcia - all over again كلمات أغنية
- mozzy - jaded كلمات أغنية
- friso & sant - warnsignale (snippet) كلمات أغنية
- plastical people - sentir que el tiempo كلمات أغنية
- dirlo - des chiffres et des lettres كلمات أغنية
- domsta - playa alchemy كلمات أغنية
- jhow jackson - anos 90 (part. raul conrado) كلمات أغنية
- bagarre - bestlife كلمات أغنية
- adel sweezy - nzierohi كلمات أغنية