timber g haiti - pouki se mwen lyrics
[hook]
ou fè’m depale, chak fwa nap pale
paka gade’w nan je, men ou pa egare
ou sipoze wè ke ou fè san’m mache
e pouki se mwen ou chwazi maltrete
cherie renmen avè’m tande
ti boubou renmen avè’m tande
ti kòkòt renmen avè’m tande
mon amour renmen avè’m tande
[verse i]
gen plizyè mwa map tcheke’w, chak jou m plede like foto’w
dè fwa ou konn di’m vin kote’w, e le’m rive mwen pran poto
cheri sispann pran’m pou janjan, wap fèm soufri wap banm bon jan
lè mwen mande’w si ou renmen’m, ou reponn mwen ou apresye’m
chak fwa mwen vle met men nan men’w, pouki ou toujou ap rezye’m, sa kap pase, sa kap pase? eske’m te fon’w erè devan’w dan le pase, chak fwa mwen wè’w ou fè kè’m kase, mwen wè se nan je zegwi ou vle fè’m pase, ou tèlman mate’m wa di’m son’w balon, e ou konnen byen m pa yon san sal non
[hook]
ou fè’m depale, chak fwa nap pale
paka gade’w nan je, men ou pa egare
ou sipoze wè ke ou fè san’m mache
e pouki se mwen ou chwazi maltrete
cherie renmen avè’m tande
ti boubou renmen avè’m tande
ti kòkòt renmen avè’m tande
mon amour renmen avè’m tande
[verse ii]
pou’m ta posede’w mwen prè pou’m pa rete nan pòch mwen menm yon santim, mwen tèlman obsede’w zanmi’m fanmi’m yo di apa’m vin san santiman, telman ou fè’m mache dèyè’w ou prèske fè’m apante tout senk kontinan an, banm yon ti chans souple pou’m pran sa wap fè’m nan la pou yon chatiman, kisa’w te di’m pou’m fè mwen pa fè, oubyen wap chache moun ki pafè, tout sa mwen di’w cherie, ou pa kè, mwen menm resite’w ti powèm pa kè, m pa vle ale kay ougan pou ou, paske pi devan li pap bon pou nou, pito’w renmen avè’m tou naturèlman, konsa wa va gen chans viv yon vrè lanmou
[hook]
ou fè’m depale, chak fwa nap pale
paka gade’w nan je, men ou pa egare
ou sipoze wè ke ou fè san’m mache
e pouki se mwen ou chwazi maltrete
cherie renmen avè’m tande
ti boubou renmen avè’m tande
ti kòkòt renmen avè’m tande
mon amour renmen avè’m tande
كلمات أغنية عشوائية
- magnetic fields - everything is one big christmas tree lyrics
- magnetic fields - you and me and the moon lyrics
- magnetic fields - the flowers she sent and the flowers she said she sent lyrics
- magnetic fields - it's only time lyrics
- magnetic fields - all you ever do is walk away lyrics
- magnetic fields - falling in love with the wolfboy lyrics
- magnetic fields - we are having a hootenanny lyrics
- magnetic fields - old fools lyrics
- magnetic fields - the nun's litany lyrics
- magnetic fields - courtesans lyrics