kalimah.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

the gospel gps group - ayiti, m pa ka bliye w lyrics

Loading...

ayiti, m paka bliye w
ayiti peyi zantray mwen. mwen pap janm kapab bliye ou. malgre nan kondisyon w ye la. lanmou m debòde pou ou. rèv mwen se pou jwenn limyè. e menm yon bon gps, pou w kapab jwenn wout ou dwe suiv. pou rive nan devlopman an
mwen sonje nan tan lontan an. yo te rele ou kiskeya, ayiti ou boyo. non sa yo te g anpil sans. men lè kolon debake, tout bag_y te vin chanje
pou yo te fini ak lesklavaj. zansèt nou yo te goumen ak blan. nou te pran endepandans nou. lemond antye te sezi. libète, egalite, fratènite tout se deviz nou
menm apre endepandans lan. ayiti nan tèt chaje. se koudeta sou koudeta. se kout ba toupatou. enzireksyon ak revolisyon tounen pen kotidyen nou
ayiti gen vandredi sen. men l poko gen dimanch pak li. chak viktwa tounen yon lòt kwa. yon pèpetyèl rekòmansman. nou poko jwenn rasin mal nou. alewè pou nou ta rezoud yo
peyi nou gen anpil divizyon. se yon peyi koze depaman. kote sa ki legal pa reyèl, e sa ki reyèl pa legal. pou ayiti nou divize. menm jan n divize pou relijyon
peyi n tankou yon panye koule. kote nap vide dlo anven. lè nap kòde lòt ap dekòde. lè nap konstrui lòt ap detui. ènmi n yo kapab lòtbò dlo. men pi gwo ènmi nou se nou menm menm

كلمات أغنية عشوائية

اهم الاغاني لهذا الاسبوع

Loading...