kalimah.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

rutshelle guillaume - m pa la ankò كلمات الأغنية

Loading...

depi m renmen, m bay tout mwen menm
yon jan pou pèsòn pa kite m
w antre nan vi mwen, ou twonpe m
ou jwe ak pèsonalite m

anpil fwa, mwen konn kriye
dlo nan je mwen pa koule
men sa pa janm anpeche
kè m toujou ret kagoule

di manmi, papi w pa bezwen rele mwen (m pa la, m pa la ankò)
epi ou mèt sispann sone telefòn mwen (m pa la, m pa la ankò)
m pa pou ou ankò, ou pa bezwen veye mwen (m pa la, m pa la ankò)
lè mwen te nan men w lan, ou pa t janm jere mwen (m pa la, m pa la ankò)

pou sakrifis m te fè pou ou
sе pou w t aprann kisa k lanmou
pou janm te met espwa m sou ou
gadе kijan jodi a
ou fè moun imilye mwen
ou jwe ak diyite mwen
ou fè yo konn vi prive mwen

anpil fwa, mwen konn kriye
dlo nan je mwen pa koule
men sa pa janm anpeche
kè m toujou ret kagoule
di manmi, papi w pa bezwen rele mwen (m pa la, m pa la ankò)
epi ou mèt sispann sone telefòn mwen (m pa la, m pa la ankò)
mwen pa pou ou ankò, ou pa bezwen veye mwen (m pa la, m pa la ankò)
lè mwen te nan men w lan, ou pa t janm jere mwen (m pa la, m pa la ankò)

m pa la, m pa la, m pa la ankò (non, m pa la ankò)
m pa la, m pa la, m pa la ankò (ye, mwen pa la, mwen pa la)
m pa la, m pa la, m pa la ankò (mwen di “m pa la ankò, non, non, non, ye”)
m pa la, m pa la, m pa la ankò (mwen pa la, mwen pa la)

ou ban m tout chay pote (pote)
kounya, s on lòt vi m ap trase (trase)
ou fè m konn enpòtans kesyon m
ou fè m konnen enpòtans rezon mwen

ou pran m pou sa m pa ye (pa ye)
fè m mache dèyè w tout kote
men, baby, jodi a, m di w “mwen pa la ankò, ouh_ouh, ye”

m pa la, m pa la, m pa la ankò (mwen pa la ankò, non, non, non, ouh_ye)
m pa la, m pa la, m pa la ankò (mwen di “m pa la ankò, non, non, non”)
m pa la, m pa la, m pa la ankò (mwen di “m pa la ankò, ou_ye_ye_ye”)
m pa la, m pa la, m pa la ankò (ouh_ouh_ouh)

cheri, ou manke m
m pa la, m pa la, m pa la ankò (mwen di, “m pa la ankò, ou_ye_ye_ye”)
m pa la, m pa la, m pa la ankò (mwen di “m pa la ankò, non, non, non”)
m pa la, m pa la, m pa la ankò (m pa la, m pa la ankò)
m pa la, m pa la, m pa la ankò (m pa la, m pa la) m pa la, m pa la ankò

كلمات أغنية عشوائية

كلمات الأغاني الشهيرة

Loading...