
myster-hard x blacka kers - padon كلمات أغنية
refren (blacka kers)
padon fanmi
si m pa pwodi sa n te vle a
nan dlo rèv mwen nwaye a
pèsonn pa tap swete l anbake
nan bato echèk lavi a
k ap tounen m kou toupi a
defwa m pa jwenn soupi
padon sosyete
m fè tout efò yo nou te mande m
padon peyi m
padon (3fwa)
na sonje m te eseye
kouplè 1 (myster_hard)
yo mande m lekòl
profesyonèl ou fak
djòb ki pa gen kòl
pito m te jis yon milat
aprè tout bak yo
yo mande mwen bakchat
se pa yon sekrè
« jungle » lan chaje twòp chat
refren (blacka kers)
padon fanmi
si m pa pwodi sa n te vle a
nan dlo rèv mwеn nwaye a
pèsonn pa tap swete l anbakе
nan bato echèk lavi a
k ap tounen m kou toupi a
defwa m pa jwenn soupi
padon sosyete
m fè tout efò yo nou te mande m
padon peyi m
padon (3fwa)
na sonje m te eseye
kouplè 2 (myster hard)
na va sonje
te gen twòp talan k majinalize
paske yo pa te nan chawa pete
maklouklou siksè pa te janm pete
padon èks yo
lajan fè yo balanse kou yoyo
men nan kè mwen m te gen lanmou pou yo
byenvini lanmou , r.i.p fake yo
padon zanmi echèl lavi a
t ap karese nou de
se pa yon rezon pou w ka imilye m
lè w te monte
bwa mwen yo te kase
padon fanmi si kounya w pa fyè pou w pale de mwen
lè n rankontre se sèl lanmou n ka jwenn
pa bliye m renmen w depi nan ginen
refren (blacka kers)
padon fanmi
si m pa pwodi sa n te vle a
nan dlo rèv mwen nwaye a
pèsonn pa tap swete l anbake
nan bato echèk lavi a
k ap tounen m kou toupi a
defwa m pa jwenn soupi
padon sosyete
m fè tout efò yo nou te mande m
padon peyi m
padon (3fwa)
na sonje m te eseye
outro (blacka kers)
chak jou m n on konba
viktwa kotidyen m
m pa bezwen pale
bref m s on ayisyen
كلمات أغنية عشوائية
- in my eyes - conversation drifts كلمات أغنية
- in my eyes - can't live through me كلمات أغنية
- in my eyes - actions fall short كلمات أغنية
- in my eyes - difference between كلمات أغنية
- in my eyes - take the risk كلمات أغنية
- in my eyes - for the moment كلمات أغنية
- in my eyes - perspective كلمات أغنية
- in my eyes - on my side كلمات أغنية
- in my eyes - the weight of words كلمات أغنية
- in my eyes - advice taken كلمات أغنية