
mika ben - nwel tristes كلمات أغنية
yon 24 desanm mwen t’ap mache nan lari pòtoprens
se avèk tristès mwen rankontre yon ti pòv k’ape di mwen
pou mwen sa se pa nwèl, s’on flèv mizè k’ape koule
ou kapab trouve l bèl, ou gen fanmi ki pou gate w
mwen menm m’pa gen pèsonn, mwen just ap bat dlo pou m fè bè
si’w wè m mande lemond, se paske m vle yon nwèl meyè
m’di tonton nwèl kote ou ye
nan yon peyi moun pap fete
mwen di bondye kote ou ye
pot delivrans pou malere
yon 24 desanm mwen t’ap mache nan lari petyonvil
ti kè m dechire lè m t’ap gade yon ti granmoun k’ape plenyen
depi 75 an m’ap mennen yon vi difisil
pa gen ‘on moun ki f’on jan pou banm yon ti dra pou m kouvri m
ou te mèt pa gen nanm, ou dwe konprann jan m’ap soufri
bondye si’w te ka pran m, mennen m avè w pou m sa souri
m’di tonton nwèl kote ou ye
nan yon peyi moun pap fete
mwen di bondye kote ou ye
pot delivrans pou malere
yon 24 desanm mwen t’ap mache sou pòtay leyogan
ke m te gen lapenn lè m t’ap koute yon ti fi k’ape kriye
yon pa janm ban m anyen, men mwen te blije reziye m
lonje ‘on poupe banmwen, se pa de kontan m’ap kontan
lè nwèl sa a fin pase, se domaj g’on lòt k’ap tounen
si w wè m dekouraje, se paske m’ape mal mennen
m’di tonton nwèl kote ou ye
nan yon peyi moun pap fete
mwen di bondye kote ou ye
pot delivrans pou malere
m’di tonton nwèl kote ou ye
nan yon peyi moun pap fete
mwen di bondye kote ou ye
pot delivrans pou malere
كلمات أغنية عشوائية
- paul revere and the raiders - oh! to be a man كلمات أغنية
- bhm zone - ysl كلمات أغنية
- jefe de la m - negocios كلمات أغنية
- doble b - cuando nos veamos de nuevo كلمات أغنية
- unaccompanied_pinetones - get you كلمات أغنية
- roswein - la rose كلمات أغنية
- hef & glen faria - mijn houten hart (verspijkerd) كلمات أغنية
- the upstairs - antahberantah كلمات أغنية
- m24 - no cap (remix) كلمات أغنية
- sybyr - yeah yeah yeah yeah كلمات أغنية