kalimah.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

malcolm ayiti - pwomès كلمات أغنية

Loading...

alabaz se t on senp mesaj sou ig, san twòp enterè
nou pa t konn si gen etap nan lavi n nou ta pral antere
sou wout zanmitay la nou vin jwenn yon lòt itinerè
m kòmanse rape sa, e m ap raple m se kòmsi se te yè
nan premye echanj yo m te etranj m te wè m tonbe n on lòt inivè
m bliye lide revanj, m kwaz on zanj
se ou k banm ti limyè
tout bagay nouvo, men w tankou on moun m te toujou konnen
mande m kòman m pa konnen
tout siy yo alinyen, n makonnen

premye soti m santi n « match », madam dekonplekse
manje nan “street”, diskite match, se la m tou di nou konekte

ou vin kavalye m menm nan lapèn, menm nan kastèt yo
ou kwè nan mwen, nan talan m
m sonje premye konsè n cinémathèque
ou se lanmou lavi m, sa rezonnen tank on eko
pou ou m pa gen sekrè, rega w kalme tansyon ego m

lanmou pa gen anyen k rasyonèl, sof lè se ou ki gen rezon
kè m sispann bat pou l pran tranble m vle di w mèsi pou chak leson

m anbrase tout konpleksite w, mwen m pa t pa koute yon pil pawòl
m ap di w tout moun k ap di m ou pa bon moun, n ap ri n pa p wè jan sa dwòl
gen sa k te di l pa t ap mache : o ! nou se 2 moun diferan
di yo n paka defye lwa yo, deux pôles opposés s’attirent
gen sa k te di n pa p pase 3 mwa, pou n pa t chanje plan
sou lakou fasch la genyen k t ap tann pou w chanje kan
di yo sa fè 3 zan… 3 zan depi n ap pran elan n
3 zan nan on enfini n ap defye tan e jusqu’ici ça tient

men chak jou ki pase mwen remesye linivè
bò kote w
bò kote w m twouve fòs pou m afwonte lisifè
nan tribilasyon yo, yo yo yo yo yo, nou jwenn rezon pou n reziste
ant sa n travèse ak sa n pwomèt yo, nou gen yon bèl istwa pou n vini rakonte

pandan pòtoprens ap baskile, nou jwenn rezon pou n kwè nan pwojè
m renmen w, chak souf mwen bat m swete rann ou pi fyè

m pa konn si n ap on modèl, valè w pa rezime ak on vwal
nou k konn moman kè kontan, tristès, perèz, kouri anba bal
sot premye avni al kwadepre, sot kwadepre al kafou fèy
valiz sou do n men nan men, konsa lanmou an pouse zèl
poutan m pa konn konbyen jou k pase pou ou pa p boude m
men m pito sa, lè m wè nanm nou toutouni san fas kache
lontan sa m sispann chèche konprann, sa depase antandman m
pwezi m pedi langaj lè je w pale, li pèse tout anndan m
ou jwenn konfyans pou w banm menm lè ou w pèdi tout bagay
ou lwen fanmi w, ou pèdi kay ou
ou fè m wè mil rezon pou n batay
m rekonesan pou tout kalvè sa yo nou travèse ansanm
w ap met pye w nan dlo pou mwen, e pou ou m ap met de men m nan san
se paske chak jou w aprann mwen pouki m dwe reyenvante m
paske m kontan chak jou se ou k te tonbe nan je m
prekarite a ap toufe m, pafwa m mande m kote n ap ye si m pa genyen
men w toujou la pou w di m fè sa m renmen pou m pa tenyen
nou ansanm menm nan echèk, madam s on rèn, mwen m s on kavalye
twazyèm nan t ap konn jan n bèl si kafou sentis te ka pale
gen bagay m pa rive kapte, paske sa n ap viv la l plis sakre
w apeze m nan moman perèz mwen, se ou menm k ap banm gidon
paradoksalman m wè plis w ap gate m, plis w ap make m, se plis moun m ye a li ap vin pi bon
ou pa t fè m pwomès, ou banm lide w epi nan pat la w mete men
“underground” pa t ap posib si w pa t la pou ede m trennen
plis k on bèl rankont, se lanmou k mete n sou menm chimen
m kwè nan pwosesis la, jodi a m ka di m ap suiv ou je fèmen
donk sa se pou tout sa n pataje yo
se pou tout sa w pa t kache m
pou chak fwa n fè ti fache yo
chak fwa w siye dlo nan je m
se pou jounen n pase grangou yo
pou tout malè k lage nan tou
pou dlo nan je n paka rakonte yo
tout sa n kite akote
nan non tout pwomès m te janm fè w, e pou paysans ak tout efò w
pou letènite, m vle fè m tou piti nan kè w babe

men chak jou ki pase mwen remesye linivè
bò kote w
bò kote w m twouve fòs pou m afwonte lisifè
nan tribilasyon yo, yo yo yo yo yo, nou jwenn rezon pou n reziste
ant sa n travèse ak sa n pwomèt yo, nou gen yon bèl istwa pou n vini rakonte

كلمات أغنية عشوائية

كلمات الأغنية الشائعة حالياً

Loading...