malcolm ayiti - enpas كلمات أغنية
m leve nan mache sou 13 kote k genyen a 16 k ap manye 22
a 22 m t ap grate 16. nan traka m, sèl alye m kenbe
m leve nan on ti enpas, men ak prensip gran lakou
kote metriz kòd nan langaj pou w siviv s on gwo atou
lavi a dote m, eprèv yo donte m
m pèdi fòs, [ya] men kouraj adopte m
mizik k ap pote m, pa mande m sa m pote
valè m pa p twoke, menmsi m ta kwoke
pòtoprens teren glise, m kanpe toujou, kranpon m vise
m ap chèche atenn objektif m vize, on kote m sible
tèt mwen ak wout siksè a, sou sèl sa m mize
sèl enkyetid mwen se prekarite m fas po manman m k ap plise
m poze kèk ba lè presyon yo twò wo
plonje nan anfans mwen pafwa pou m kalme m, pou m rejwenn rèv yo
men jis kounya se mo m ap pyese, se terapi m chak swa
m tande kè m frè m tand on chèf. men bon…! nou chak te f on chwa
sa se pou chak frè ak chak sè m te grandi nan enpas la
sa k dezète, sa k t ap goumen pou ret sou ray la
pou sila k te banm zepòl lavi fè chanje trajektwa
sila yo k kwè tankou m yon jou y ap make listwa
se pou ti frè m ki nan enpas la k ap grandi san twòp modèl
pou on ti sè sa k te di m li te reve tòp modèl
se pou kondisip, kamarad m kwaze nan batay
sila yo k pito mouri tan pou yo ta lage bay
m poko nan bout tinèl la, men an atandan m wè limyè
pa mande m non, nan sa k pa rive soti yo m konn plizyè
se pou grandèt ki te anpeche m antre nan nas
pou sadrack, lè boutèy la t ap pase k pa t janm fè m pas
se pou djo k te di m vin atis si m vle men fò m ret lekòl
pou chak pi gran lè m ta pral plonje ki te banm zepòl
pou ti roofly k pa fè karyè k te banm baz teknik n on freestyle
pou slam écho ak premye moun ki te kwè nan nou, m vle pale de mistral
m ap konstwi m. m se rezilta konsèy moun lavi brize
m sonje lè m paka konte sou fòs mwen m dwe pi rize
m pot pòtay sou kè m
m grandi nan kontradiksyon yo
wow ! nan pratik on powèm
m rakonte m tèt mwen, avan reyèl la bwè m
goumen pou m konstui m nan mitan etikèt ak kliche
m pran mic la ak on objektif, nan non sila yo k sove m
sinon ki sans lavi m si pa gen anyen m vize
sa se pou chak frè ak chak sè m te grandi nan enpas la
sa k dezète, sa k t ap goumen pou ret sou ray la
pou sila k te banm zepòl lavi fè chanje trajektwa
sila yo k kwè tankou m yon jou y ap make listwa
se pou ti frè m ki nan enpas la k ap grandi san twòp modèl
pou on ti sè sa k te di m li te reve tòp modèl
se pou kondisip, kamarad m kwaze nan batay
sila yo k pito mouri tan pou yo ta lage bay
yow
son sa s on bouke flè pou chak grenn moun ki te g on je byen veyan sou mwen lè m t ap grandi
yon omaj pou frè sa yo k te kenbe m lwen wout delenkans lan
men se tou pou
pou premye kolektif, premye eksperyans mwen ak pwezi
se pou slam écho, se
se pou s.o.s kolektif
se pou team plezi ki rete on bèl egzanp solidarite nan lespri m
s on dedikas pou flo, ti matant, man simon
se pou tanm, mant dominique
se pou frè tankou david, nuck, alberto
se pou… se pou dieunel
se pou kèkè
se pou sarah, se pou tarah
se pou betchely
kimara
se pou pòtay leogàn, man
e tout moun ki… on fason ou on lòt te voye je sou mwen
anpil lanmou
anpil lanmou pou nou
كلمات أغنية عشوائية
- québec redneck bluegrass project - sevrage كلمات أغنية
- serena isioma - meadows in japan كلمات أغنية
- frida boccara - l'arbre d'amour كلمات أغنية
- biske - handling a dildo part 1 كلمات أغنية
- 9mm parabellum bullet - ロング・グッドバイ (long goodbye) كلمات أغنية
- scott wesley brown - praise you in the rain كلمات أغنية
- obladaet - def joint freestyle 1 كلمات أغنية
- neferet - contando lunares كلمات أغنية
- cac - what if we كلمات أغنية
- kaan malkoç - son bir şans كلمات أغنية